Ekriti yo
3 Nefi 3


Chapit 3

Jidyani, dirijan Gadyanton an mande Lakoneyis ak Nefit yo pou yo livre tèt yo ak tè yo—Lakoneyis lonmen Jidjidoni kaptèn an chèf lame yo—Nefit yo rasanble nan Zarayemla ak Abondans pou defann tèt yo. Anviwon 16–18 apre Jezikri.

1 E kounyeya, se te konsa, nan sèzyèm ane apre Kris la te vini an, Lakoneyis, gouvènè peyi a te resevwa yon lèt ki te soti nan men chèf bann vòlè yo; men pawòl ki te ekri ladan l, ki te di:

2 Lakoneyis, onorab chèf peyi a, m ekri w lèt sa a, m louwe w anpil poutèt fèmte w ak fèmte pèp w a nan batay ou mennen pou sa w rele dwa ak libète w la; wi, ou reyèlman kanpe dwat kòmsi men Bondye te soutni w nan defans libète w la, byen w yo, peyi w la, oubyen bagay ou rele konsa yo.

3 Epi, sa fè m mal, onorab Lakoneyis, pou ou ta kapab tèlman sòt, san sans, pou w ta panse ou kapab kanpe kont tout moun brav sa yo ki sou kòmandman m nan, ki kanpe nan moman sa a avèk lèzam yo pou yo rete tann lòd mwen—desann a l sou Nefit yo epi detwi yo.

4 M konnen jan lespri yo endontab, yo te fè prèv nan batay, epi m konnen rayiman san mezi yo genyen pou ou, poutèt tout mal ou te fè yo; se poutèt sa, si yo ta desann kont ou, yo t ap pase wè w nan yon destriksyon total.

5 Se poutèt sa, m ekri lèt sa a, e m siyen l avèk men pa m; m sansib pou byen pa ou, poutèt fèmte w nan sa w kwè ki se dwa w la, ak lespri onorab ou nan batay.

6 Se poutèt sa, m ekri w; m vle w bay pèp sa a vil ou yo, tè w yo, ak sa w posede, tan pou yo ta pase wè w avèk epe, pou destriksyon ta tonbe sou ou.

7 Oubyen, livre tèt ou ban nou, reyini avèk nou, e fè konesans avèk zèv asekrè nou yo, vin tounen frè nou—pa kòm esklav nou, men, kòm frè nou ak asosye nou nan tout sa nou genyen.

8 Epi gade, m fè w asèman, si w fè m pwomès, ou p ap detwi; men, si w pa fè sa m pwomèt ou avèk sèman nan mwa k ap vini an, m ap kòmande lame m nan desann sou ou, yo p ap kwaze men yo, e yo p ap epaye w; men, y ap touye w e y ap mete kout epe sou ou jistan w detwi.

9 M se Jidyani, gouvènè asosyete sekrè Gadyanton an; m konnen sosyete sa a ak zèv li yo bbon; yo te kòmanse nan tan clontan e yo te desann vin jwenn nou.

10 Epi, m ekri ou lèt sa a, Lakoneyis; M swete w ap livre tè ou ak sa ou posede nan men m san masak, pou pèp sa a repran dwa ak gouvènman ki pou yo a; yo te sòti nan pami ou poutèt mechanste w te fè yo lè w te pran dwa yo ak gouvènman yo a. Si w pa fè sa, m ap vanje pou yo. M se Jidyani.

11 Epi kounyeya, se te konsa, lè Lakoneyis te resevwa lèt sa, li te etone anpil poutèt jan Jidyani te mande l tè Nefit yo kareman, avèk menas, pou l vanje mal yo te fè yon pèp ki pa t soufri onkenn mal, aeksepte yo te fè tèt yo mal paske yo t a l jwenn mechan yo, vòlè abominab sa yo.

12 Kounyeya gade, Lakoneyis, gouvènè sa a te yon nonm ki jis, li pa t kapab pè poutèt demand ak menas yon avòlè; se poutèt sa, li pa t bay lèt Jidyani an, gouvènè vòlè yo okenn atansyon; men, li te fè pèp li a kriye nan pye Senyè a pou ba yo kouraj, pou lè vòlè y ap desann vini atake yo.

13 Wi, li te voye yon pwoklamasyon nan pami tout pèp la pou yo rasanble madanm yo, pitit yo, ak bèt yo ansanm; e tout byen yo, eksepte tè yo, nan yon sèl kote.

14 Epi, li te fè konstwi fò alantou yo, li te mande pou konstwi fò yo solid anpil. Epi li te fè lame Lamanit ak Nefit yo, oubyen tout moun ki nan pami Nefit yo mete gad nan alantou yo, pou veye pou yo atake vòlè yo lajounen tankou nan nuit.

15 Wi, li te di yo menm jan Senyè a vivan an, si nou pa repanti nan tout inikite nou yo, e si nou pa kriye nan pye Senyè a, nou p ap kapab delivre, nan onkenn fason, anba men vòlè Gadyanton yo.

16 Epi, pawòl ak pwofesi Lakoneyis yo te tèlman gwo, yo te tèlman bèl, yo te fè pèp la pè, e yo te eseye avèk tout fòs pou yo fè jan Lakoneyis te di yo a.

17 Epi, se te konsa, Lakoneyis te nonmen kaptèn an chèf alatèt tout lame Nefit yo pou kòmande yo lè vòlè yo desann kont yo.

18 Kounyeya, gwo kòmandan ak pi gwo kaptèn an chèf nan pami tout lame Nefit yo te rele aJidjidoni.

19 Se te koutim nan pami tout Nefit yo, (eksepte lè yo te nan mechanste) pou yo nonmen yon moun ki te gen lespri revelasyon ak lespri apwofesi kòm kaptèn an chèf yo; se poutèt sa, Jidjidoni te yon gwo pwofèt nan pami yo, menm jan ak jij anchèf la.

20 Kounyeya, pèp la te di Jidjidoni: Priye Senyè a e kite nou monte sou montay yo ak nan dezè a pou nou kapab tonbe sou vòlè yo, pou nou detwi yo sou tè pa yo.

21 Men, Jidjidoni te di yo: Senyè a adefann sa; paske si n ale atake yo, Senyè a ap blivre nou nan men yo; se poutèt sa, n ap pare nou nan mitan peyi nou an, n ap rasanble tout lame nou yo ansanm, epi nou pa prale atak yo; men, n ap ret tann jistan yo vin atake nou; se poutèt sa menm jan Senyè a vivan, si nou fè sa, l ap livre yo nan men nou.

22 Epi, se te konsa, nan finisman disetyèm ane a, pwoklamasyon Lakoneyis la t ale nan tout peyi a; yo te pran cheval yo, charyo yo, bèt yo, pwovizyon yo, ak tout sa yo te genyen, yo te mache nan gwoup mil ak gwoup anpil milye moun jistan yo t ale nan kote yo te di y ap rasanble ansanm nan, pou yo defann tèt yo kont ènmi yo.

23 Epi, tè yo te chwazi a, se te vil Zarayemla a, ak tè ki te nan mitan Zarayemla ak Abondans la; wi nan lizyè ki te separe peyi Abondans la ak peyi Dezolasyon an.

24 Epi, te gen plizyè milye moun ki te rele Nefit, ki te rasanble ansanm nan peyi sa a. Lakoneyis te fè yo rasanble ansanm nan sid la, poutèt gwo malediksyon ki te sou apeyi nò a.

25 Epi, yo te fòtifye tèt yo kont ènmi yo; yo te rete nan yon sèl tè, yo te fè yon sèl gwoup, e yo te tèlman pè pawòl Lakoneyis te pale yo, yo te repanti nan tout peche yo, yo te leve priyè yo anlè bay Senyè Bondye yo a pou l kapab adelivre yo lè ènmi yo ta desann vin goumen avèk yo.

26 Yo te gen anpil lapenn poutèt ènmi yo Epi, Jidjidoni te fè yo fabrike tout kalite azam pou lagè; yo te pwoteje avèk kiras epi avèk boukliye daprè enstriksyon li te ba yo.