Ekriti yo
3 Nefi 23


Chapit 23

Jezi apwouve pawòl Ezayi yo—Li kòmande pèp la pou yo fouye pawòl pwofèt yo—Pawòl Samyèl, Lamanit la, konsènan Rezirèksyon an, ajoute nan rejis yo. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, koute, m ap di w, ou dwe ali bagay sa yo. Wi, m ba w kòmandman pou w li bagay sa yo avèk dilijans, paske pawòl bEzayi yo gran.

2 Paske reyèlman, li te pale sou tout bagay konsènan pèp mwen an ki fè pati nan kay Izrayèl la; se poutèt sa, se nesesè pou l pale avèk Janti yo tou.

3 Epi, tout bagay li te pale yo te fèt, e yo apral fèt, daprè jan l te pale a.

4 Se poutèt sa, koute pawòl mwen yo; ekri bagay m te di w yo; e yo pral jwenn Janti yo lè tan an rive, daprè volonte Papa a.

5 Epi nenpòt moun ki koute pawòl mwen yo, ki repanti epi ki batize, moun sa a ap sove. Fouye pawòl apwofèt yo, paske gen anpil nan yo ki temwaye konsènan bagay sa yo.

6 Epi, kounyeya, lè Jezi te fin di pawòl sa yo, li te di yo ankò, apre l te fin detaye tout ekriti yo te resevwa yo pou yo, li te di yo: gade gen lòt ekriti ou pa genyen, m ta renmen w ekri yo.

7 Epi, se te konsa, li te di Nefi: Pote rejis ou te sere yo.

8 Epi lè Nefi te fin pote rejis yo mete devan l, li te voye je sou yo e li te di:

9 M di nou anverite, m te kòmande Sèvitè m nan, aSamyèl, Lamanit la, pou l temwaye pèp sa a, pou l fè yo konnen, jou Papa a t ap glorifye non l nan mwen an, te gen banpil csen ki t ap dleve sòti nan pami mò yo, ki t ap parèt devan anpil moun, epi ki t ap preche yo. Epi li te di yo: Èske sa pa t fèt?

10 Epi disip yo te reponn li, yo di: wi, Senyè, Samyèl te pwofetize jan w di a, e tout pwofesi yo te akonpli.

11 Epi Jezi te di yo: Kòman fè w pa t ekri bagay sa a, pou fè konnen anpil sen te leve, yo te parèt devan anpil moun, epi yo te preche yo?

12 Epi, se te konsa, Nefi te sonje bagay sa a pa t ekri.

13 Epi, se te konsa, Jezi te kòmande pou l ekri l; se poutèt sa, li te ekri l jan yo te kòmande l la.

14 Epi kounyeya, se te konsa, lè Jezi te fin aesplike tout ekriti yo te ekri yo fè yon sèl, li te kòmande pou yo preche bagay li te esplike yo.