Ekriti yo
3 Nefi 8


Chapit 8

Tanpèt, tranbleman tè, dife, toubiyon, ak yon chanjman nan tè a pwouve krisifiksyon Kris la—Anpil moun detwi—Fènwa kouvri tè a pandan twa jou—Moun ki te rete yo ap plenyen sò yo. Anviwon 33–34 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, sa te pase daprè rejis nou yo, e nou konnen rejis nou yo vre paske gade se yon nonm ki jis ki te kenbe rejis yo—paske, li te reyèlman fè anpil amirak nan bnon Jezi; e pa t gen okenn moun ki ta kapab fè yon mirak nan non Jezi si l pa t lave nèt anba inikite l yo—

2 Epi kounyeya, se te konsa, si nonm sa a pa t fè erè nan kalkil tan nou yo, atrant-twazyèm ane a te pase;

3 Epi pèp la te kòmanse ret tann siy pwofèt Samyèl, Lamanit la te bay yo avèk kè sote, wi pou lè t ap gen afènwa pou twa jou nan tout peyi a.

4 Epi te kòmanse gen gwo dout ak diskisyon nan pami pèp la, malgre tout kantite asiy yo te resevwa.

5 Epi, se te konsa, nan katriyèm jou premye mwa ki te nan trant-katriyèm ane a, yon gwo van te leve, yon kalite van moun pa t janm konn wè nan tout peyi a.

6 Epi tou, te tèlman gen yon gwo tanpèt terib, e te senyen yon aloray tèrib li te bsouke tout tè a kòm si l ta pral fann fè de.

7 Epi te gen yon kalite gwo zeklè moun pa t janm konn wè nan tout peyi a.

8 Epi avil Zarayemla a te pran dife.

9 Epi vil Mowoni an te nwaye anba pwofondè lanmè a, e abitan l yo te nwaye.

10 Epi tè a te kouvri vil Mowoniya a jistan te vin gen yon gwo montay nan plas vil la.

11 Epi te gen yon gwo destriksyon terib nan zòn sid la.

12 Men gade, te gen yon pi gwo destriksyon terib nan zòn nò a; paske, gade tout tè a te chanje, poutèt tanpèt ak toubiyon yo, ak loray ak zeklè yo, e poutèt tout tè a ki t ap tranble byen fò;

13 Epi agran ri yo te kraze, wout byen apla yo te andomaje e anpil kote swa te vin grajgraj.

14 Epi anpil gwo vil remakab te anwaye, anpil te boule, anpil te souke jistan konstriksyon yo te tonbe atè, e abitan yo te mouri, e kote yo te rete san moun.

15 Epi te gen kèk vil ki te rete; men yo te andomaje anpil, e te gen anpil moun ladan yo ki te mouri.

16 Epi toubiyon te pote anpil moun ale; e pèsonn pa t konnen kote yo t ale, eksepte moun yo toubiyon yo te pote ale a.

17 Epi konsa, tout tè a te defòme, akoz tanpèt yo, ak loray yo, ak zeklè yo, e ak tranbleman tè a.

18 Epi gade, awòch yo te fann fè de bout; yo te tèlman kraze sou tout tè a, moun te wè yo fè myèt, fann sou tout tè a.

19 Epi, se te konsa, lè loray yo, ak zeklè yo, ak van an, ak tanpèt la, ak tranbleman tè yo te sispann—paske, gade yo te dire atwa zè konsa; e kèk moun te di yo te dire pi lontan; men, tout gwo bagay terib sa yo te pase pandan twazè apeprè—epi briskeman te gen fènwa nan tout peyi a.

20 Epi, se te konsa, tèlman fènwa a te epè nan tout peyi a, moun ki pa t mouri yo te kapab asanti bvapè fènwa a.

21 Epi pa t kapab gen limyè, poutèt fènwa a, ni balèn, ni bwa dife; ni tou, dife pa t kapab limen avèk bwa rafine ekstrèmman sèch, yo te genyen yo; konsa, pa t kapab gen onkenn limyè ditou;

22 Epi moun pa t wè okenn limyè, ni dife, ni reyon limyè, ni solèy, ni lalin, ni zetwal, tèlman vapè fènwa a te epè nan peyi a.

23 Epi, se te konsa, pa t gen limyè pandan atwa jou; Epi te gen lamantasyon ak kriye nan pami pèp la san rete; wi, pèp la te bougonnen anpil, poutèt fènwa ak gwo destriksyon ki te tonbe sou yo.

24 Epi nan yon zòn moun te tande y ap kriye, yo te di konsa: O, si nou te repanti anvan gwo jou terib sa a, frè nou yo t ap epaye, e yo pa t ap boule nan gwo vil aZarayemla a.

25 Epi nan lòt zòn, moun te tande yo ap kriye, plenyen, yo te di konsa: O, si nou te repanti anvan gwo jou terib sa a, e si nou pa t touye, lapide pwofèt nou yo, si nou pa t chase yo, manman nou ak bèl pitit fi nou yo ak pitit nou yo t ap epaye, e yo pa ta p antere nan gwo vil Mowoniya a. Epi se konsa pèp la te plenyen anpil.