Ekriti yo
3 Nefi 27


Chapit 27

Jezi kòmande pou Legliz la pote non Li—Misyon L ak sakrifis ekspyatwa Li a fòme levanjil Li a—Lèzòm resevwa kòmandman pou yo repanti epi batize pou Sentespri a ka sanktifye yo—Yo dwe vin menm jan avèk Jezi. Anviwon 34–35 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, pandan disip Jezi yo t ap vwayaje, e yo t ap preche bagay yo te tande ak wè yo, e yo t ap batize moun nan non Jezi, disip yo te rasanble ansanm. E, se te konsa, yo te areyini nan gwo priyè ak bjèn.

2 Epi Jezi te fè yo a l ankò, paske yo t ap priye Papa a nan non l; e Jezi te vin kanpe nan mitan yo, e li te di yo: Kisa nou ta vle m ba nou?

3 Epi yo te di l: Senyè, nou ta vle w di nou ki non pou nou bay legliz sa a; paske gen diskisyon nan pami pèp la konsènan zafè sa a.

4 Epi Senyè a te di yo: anverite, m ap di, poukisa pèp la dwe diskite ak plenyen poutèt bagay sa a?

5 Èske yo pa t li ekriti yo, ki di, nou dwe pote anon Kris la, ki se non mwen? Paske se non sa yo pral rele nou nan dènye jou a.

6 Epi nenpòt moun ki pote non m, ki apèsevere jiska lafen, moun sa a ap sove nan dènye jou a.

7 Se poutèt sa, tout sa w ap fè, fè l nan non mwen; se poutèt sa, nou dwe bay legliz la pote non mwen, e nou dwe priye Papa a nan non mwen pou l kapab beni legliz la poutèt mwen.

8 Epi, kòman pou li ta alegliz bmwen si l pa pote non mwen? Paske, si yon legliz pote non Moyiz, se legliz Moyiz li ye; oubyen si l pote non yon moun, se legliz moun nan; men si l pote non mwen, se legliz mwen li ye, si l fonde sou levanjil mwen an.

9 Anverite, m ap di nou, nou fonde sou levanjil mwen an; se poutèt sa nenpòt bagay n ap bay non, ba l non m; se poutèt sa, si nou priye Papa a pou legliz la, si se nan non m, Papa a ap tande nou;

10 Epi si legliz la fonde sou levanjil mwen an, Papa a ap montre zèv li ladan l.

11 Men, si l pa fonde sou levanjil mwen an, e li fonde sou travay lèzòm, oubyen sou zèv dyab la, anverite, m ap di nou yo gen lajwa nan zèv yo pou yon ti tan, men anvan lontan, lafen an ap rive, e y ap arache yo jete nan dife, kote pèsonn pa kapab sòti.

12 Paske zèv yo ap asuiv yo, paske se poutèt zèv yo, yo rache tonbe; se poutèt sa, sonje bagay m te di nou yo.

13 Reyèlman, m te ba nou alevanjil mwen an, e se levanjil sa a m te ba nou: m te vini nan mond lan pou m fè bvolonte Papa m, paske Papa m te voye m.

14 Epi Papa m te voye m pou yo te kapab aleve m sou kwa a, e apre yo fin leve m sou kwa a pou m kapab batire tout moun kote m, pou menm jan lèzòm te leve m sou kwa, menm jan an tou pou Papa m leve yo pou yo kanpe devan m, pou yo cjije pou zèv yo, kit zèv yo te bon oubyen move.

15 Epi se poutèt sa m te aleve; kounyeya, daprè pouvwa Papa a, m ap atire tout moun vin kote m, pou yo kapab pase anba jijman daprè zèv yo.

16 Epi, se pral konsa, nenpòt moun ki arepanti e bbatize nan non m, l ap rasazye e si l cpèsevere jiska lafen, gade, m ap konsidere l inosan devan Papa m nan jou m ap kanpe pou m jije mond lan.

17 Epi, moun ki pa pèsevere jiska lafen, se moun sa yo k ap rache e jete nan dife, kote yo p ap janm kapab sòti, poutèt alajistis Papa a.

18 Epi se pawòl sa a li te bay lèzòm. Se poutèt sa, li akonpli pawòl li te bay la, e li pa bay manti, men, li akonpli tout pawòl li yo.

19 Epi aokenn bagay sal pa kapab antre nan wayòm li a; se poutèt sa pèsonn pa kapab antre nan brepo li a, eksepte moun ki te clave rad yo nan san m, poutèt lafwa yo, ak repantans pou tout peche yo, ak fidelite yo jiska lafen.

20 Kounyeya, men kòmandman an: aRepanti, noumenm ki nan tout kwen tè yo, vin jwenn mwen, e bbatize nan non m, pou nou kapab csanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san dtach devan m nan dènye jou a.

21 Anverite, anverite, m ap di nou, sa se levanjil mwen an; e nou konnen ki bagay nou dwe fè nan legliz mwen an; paske nou dwe fè zèv nou te wè m fè yo, paske se sa nou te wè m fè, nou dwe fè;

22 Se poutèt sa, si nou fè bagay sa yo, n ap beni, paske n ap leve nan dènye jou a.

23 Ekri bagay nou te tande epi ou te wè yo, eksepte sa ki aentèdi yo.

24 Ekri zèv pèp sa a, bagay ki pral pase yo, menm jan bagay ki pase yo te ekri.

25 Paske reyèlman, se avèk liv ki te ekri ki pral ekri yo pèp sa a pral ajije, paske se liv sa yo ki pral fè lèzòm konnen bzèv yo.

26 Epi reyèlman, Papa a te aekri tout bagay; se poutèt sa, se avèk liv ki pral ekri yo lèzòm pral a jije.

27 Epi, èske nou konnen se anou menm ki pral jij pèp sa a, daprè jijman m pral ba nou, ki jis yo. Se poutèt sa, ki bkalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, cmenm jan avèk mwen.

28 Epi kounyeya, am pral jwenn Papa a. Epi anverite, m di nou, nenpòt bagay nou mande Papa nan non m n ap resevwa l.

29 Se poutèt sa, amande, e n ap resevwa; frape, e y ap louvri pou nou; paske moun ki mande ap resevwa; e moun ki frape y ap louvri pou li.

30 Epi kounyeya, gade, m gen anpil lajwa, m menm ranpli, poutèt ou, epi tou poutèt jenerasyon sa a; wi, menm Papa a rejwi, ak tout zanj sen yo, poutèt ou ak jenerasyon sa a; paske aokenn ladan yo pa pèdi.

31 Gade, m ta vle nou konprann; paske, m vle di moun sa yo ki avivan nan bjenerasyon sa a; e yonn ladan yo pa pèdi; e m gen yon clajwa konplè poutèt yo.

32 Men, gade, sa fè m tris poutèt akatriyèm jenerasyon ki pral vini apre jenerasyon sa a, paske li mennen yo prizonye menm jan ak pitit gason pèdisyon an; paske, yo pral vann mwen pou lajan ak lò, ak bagay bmit bwa kapab detwi e pou bagay vòlè kapab kraze antre pou vòlè. Epi jou sa a m ap pini yo, m ap menm retounen zèv yo alatèt pa yo.

33 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin di bagay sa yo, li te di disip li yo: Antre nan apòt jis la; paske pòt ki mennen nan lavi a jis e chemen an kwense, e se sèlman kèk moun ki jwenn li; men, pòt ki mennen nan lanmò a laj, e chemen an gran, e gen anpil moun ki vwayaje ladan l, jistan nuit la rive, lè sa a pèsonn pa kapab travay.