Ekriti yo
3 Nefi 16


Chapit 16

Jezi pral vizite lòt brebi ki nan pami brebi pèdi pèp Izrayèl la—Nan dènye jou yo levanjil la pral jwenn Janti yo, epi apre sa, li pral jwenn pèp Izrayèl la—Pèp Senyè a pral wè avèk je pa yo lè Li mennen Siyon tounen ankò. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 E an verite an verite, m di nou m gen alòt brebi ki pa nan peyi sa a, ni nan peyi Jerizalèm nan, ni nan onkenn pati nan peyi m t al preche yo.

2 Paske, moun m ap pale yo se moun ki poko tande vwa m yo; ni tou m poko janm prezante m devan yo.

3 Men, m te resevwa kòmandman nan men Papa a pou m t al kote ayo, pou yo tande vwa m e pou yo konte nan pami brebi m yo, pou kapab vin gen yon sèl twoupo ak yon sèl bèje; se poutèt sa, m al fè yo wè m.

4 Epi m kòmande nou pou nou ekri apawòl sa yo lè m fin ale, pou si pèp mwen an ki nan Jerizalèm nan, moun ki te wè m yo, e ki te avèk mwen nan travay ministè mwen an, pa mande Papa a nan non m, pou yo resevwa yon konesans nan men Sentespri a konsènan nou menm, ak konsènan lòt tribi yo pa konnen yo, pou pawòl sa yo n ap ekri a kapab kache, e pou yo kapab prezante devan bJanti yo; konsa, pa mwayen tout Janti yo nèt, rès desandan pèp Jerizalèm yo ki pral dispèse sou sifas latè a poutèt enkredilite yo a, kapab rasanble oubyen yo kapab gen yon ckonesans konsènan mwen menm, Redanmtè yo a.

5 Epi lè sa a, m ap arasanble yo sòti nan kat kwen tè a; e lè sa a, m ap akonpli balyans Papa a te fè avèk tout moun yo ki nan ckay Izrayèl la.

6 Epi ajanti yo beni poutèt yo kwè nan mwen, ak nan bSentespri a, ki ba yo temwayaj konsènan mwen menm ak konsènan Papa a.

7 Gade, Papa a di konsa, poutèt yo kwè nan mwen, e poutèt enkredilite nou, O, kay Izrayèl la, nan adènye jou yo verite a pral jwenn Janti yo, pou yo kapab konnen tout bagay nèt.

8 Men Papa a di konsa, men, malè Janti ki enkredil yo—paske, malgre yo te vini sou tè sa a, e yo te agaye pèp mwen an ki fè pati kay Izrayèl la; e yo te bchase pèp mwen an ki fè pati nan kay Izrayèl la sòti nan pami yo, e yo te pase yo anba pye yo;

9 Epi, poutèt mizèrikòd Papa a pou Janti yo, ak jijman Papa a tou sou pèp mwen an ki fè pati kay Izrayèl la, an verite an verite, m di nou, apre tout bagay sa yo, e m te fè bat pèp mwen an ki fè pati kay Izrayèl la, m te fè aflije yo, atouye yo, chase yo sòti nan pami yo, e m te fè rayi yo, yo te vin tounen yon wout ak yon non jwè nan pami yo.

10 Epi men sa Papa a te kòmande m di nou: Nan jou sa a lè Janti yo peche kont levanjil mwen an, e lè yo rejte plenitid levanjil mwen an, e lè yo agonfle kè yo avèk lògèy plis pase tout lòt nasyon, e plis pase tout moun ki sou tout tè a, e lè yo chaje avèk tout kalite manti, ak desepsyon, ak dega, ak tout kalite ipokrizi, ak asasina, ak bentrigdeprèt, ak abominab seksyèl, ak abominasyon sekrè; e si yo fè tout bagay sa yo e si yo rejte plenitid levanjil mwen an, Papa a di konsa, gade, m ap wete plenitid levanjil mwen an nan pami yo.

11 Epi lè sa m ap asonje alyans mwen yo m te fè avèk pèp mwen an, O kay Izrayèl la, e m ap pote levanjil mwen an ba yo.

12 Epi m ap montre nou, O kay Izrayèl la, Janti yo p ap gen pouvwa sou nou; okontrè m ap sonje alyans m te fè avèk nou yo, O kay Izrayèl la, e n ap vin gen akonesans plenitid levanjil mwen an.

13 Papa a di, men, si Janti yo repanti, e si yo retounen vin jwenn mwen, y ap akonte nan pami pèp mwen an, O kay Izrayèl la.

14 Epi Papa a di konsa, m p ap kite pèp mwen an ki fè pati kay Izrayèl la ale nan pami yo pou pyetine yo.

15 Men, si yo pa tounen vin jwenn mwen, e si yo pa koute vwa m, m ap kite pèp mwen an, O kay Izrayèl la, ale nan pami yo pou apase yo anba pye, e y ap tankou sèl ki pèdi gou l, e konsa ki pa bon pou anyen, eksepte pou yo voye l jete e pou pèp mwen an pase l anba pye, O kay Izrayèl la.

16 An verite an verite, m di nou, Papa a te kòmande m pou m bay pèp sa a tè sa a pou eritaj yo.

17 Epi lè sa apawòl pwofèt Ezayi a ap akonpli, pawòl ki te di konsa:

18 aSantinèl bou yo pral leve vwa yo; yo pral chante ansanm, paske avèk je pa yo, yo pral wè lè Senyè a ap mennen Siyon ankò.

19 Chante ak lajwa, chante ansanm nou menm zòn dezole Jerizalèm yo; paske Senyè a te rekonfòte pèp li a, li te rachte Jerizalèm.

20 Senyè a te dekouvri ponyèt li devan je tout nasyon; e tout kwen tè a ap wè sali Bondye a.