Ekriti yo
3 Nefi 15


Chapit 15

Jezi anonse lalwa Moyiz la akonpli nan Limenm—Nefit yo se lòt brebi li t ap pale lè L te nan Jerizalèm nan—Poutèt inikite yo, pèp Senyè a ki nan Jerizalèm nan pa konnen brebi Izrayèl yo ki te dispèse a. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, lè Jezi te fin di pawòl sa yo, li te voye je l sou foul la e li te di yo: Gade nou te tande bagay m te preche yo anvan m te monte kote Papa m nan; konsa, nenpòt moun ki sonje bagay sa yo m di yo e ki apratike yo m ap bleve l anlè nan dènye jou a.

2 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin di pawòl sa yo, li te apèsi te gen kèk moun nan pami yo ki te etone e ki t ap mande tèt yo ki sa li t ap fè avèk alalwa Moyiz la; paske yo pa t konprann pwovèb ki di konsa bagay ansyen yo pase, e tout bagay vin nouvo.

3 Epi li te di yo: Pa etone poutèt m te di nou bagay ansyen yo te pase e tout bagay te vin nouvo.

4 Gade, m di nou, alalwa Moyiz te bay la akonpli.

5 Gade, se aMwen menm ki te bay lalwa a, e se mwen ki te fè alyans avèk pèp Izrayèl mwen an; se poutèt sa, lalwa akonpli nan mwen, paske m te vini pou akonpli blalwa; se poutèt sa li fini.

6 Gade, m apa detwi pwofèt yo, paske tout sa yo ki pa t akonpli nan mwen, an verite, m di nou yo tout ap akonpli.

7 Epi poutèt m te di nou bagay ansyen yo te pase, m pa detwi bagay ki te pale konsènan sa ki dwe fèt.

8 Paske gade, aalyans m te fè avèk pèp mwen an pa t akonpli nèt; men lalwa Moyiz te resevwa a fini nan mwen.

9 Gade, m se alalwa a, ak blimyè a. Leve tèt gade m e pèsevere jiska lafen e n ap cviv; paske, moun ki dpèsevere jiska lafen m ap ba li lavi etènèl.

10 Gade, m te ba nou akòmandman yo; se poutèt sa, respekte kòmandman yo. Epi se sa ki lalwa a ak pwofèt yo, paske reyèlman yo btemwaye konsènan mwen.

11 Epi kounyeya, se te konsa, lè Jezi te fin pale pawòl sa yo, li te di douz disip li te chwazi yo konsa:

12 Nou se disip mwen yo; epi nou se limyè pou pèp sa a, ki se yon desandan kay aJozèf la.

13 Epi gade, se a eritaj nou an sa; e Papa a te ba nou li.

14 Epi Papa a pa t janm ban mwen kòmandman pou m te adi frè nou yo ki nan Jerizalèm nan sa.

15 Ni tou Papa a pa t janm ban mwen kòmandman pou m te pale yo konsènan alòt tribi kay Izrayèl yo, Papa a te mennen sòti nan peyi a.

16 Men sa Papa a te kòmande m pou m te di yo:

17 M gen lòt mouton ki pa nan patiraj sa a; m dwe mennen yo tou, y ap tande vwa m; epi ap gen yon sèl patiraj ak yon sèl abèje.

18 Epi kounyeya, poutèt kou rèd ak aenkredilite yo pa t konprann pawòl mwen an; se poutèt sa, Papa a te kòmande m pou m pa t di yo plis konsènan bagay sa a.

19 Men, an verite Papa a te kòmande m pou m di nou yon bagay, e m ap di nou li: nou te sòti nan pami yo poutèt inikite yo; konsa, se poutèt inikite yo ki fè yo pa konn anyen konsènan nou.

20 Epi an verite, m di nou ankò, Papa a te separe lòt tribi yo nan pami yo; e se poutèt inikite yo ki fè yo pa t konnen yo.

21 Epi an verite m di nou konsa, se konsènan ou menm m te di: M gen alòt brebi ki pa nan twoupo sa a; m dwe mennen yo tou, y ap tande vwa m, ap gen yon sèl patiraj, yon sèl bèje.

22 Epi yo pa t konprann mwen paske yo te konprann se te aJanti yo; paske yo pa t konprann se te predikasyon pa yo ki t ap bkonvèti Janti yo.

23 Epi yo pa t konprann mwen lè m te di yo t ap tande vwa m; e yo pa t konprann mwen lè m te di aJanti yo pa t ap tande vwa m nan okenn moman; epi m pa t ap prezante m devan yo, eksepte pa mwayen bSentespri a.

24 Men gade, nou te tande avwa m, e nou te wè m tou; e nou se brebi m yo, e nou te konte nan pami moun yo Papa a te bban mwen an.