Ekriti yo
3 Nefi 30


Chapit 30

Janti nan dènye jou yo resevwa kòmandman pou yo repanti, pou yo vin jwenn Kris la, e pou yo konte nan pami kay Izrayèl la. Anviwon 34–35 apre Jezikri.

1 Koute, noumenm Janti yo, e tande pawòl Jezikri yo, Pitit Gason Bondye vivan an, li te akòmande m pou m pale konsènan noumenm nan, paske li te kòmande m pou ekri, li te di konsa:

2 Noumenm, tout aJanti yo, sòti nan move chemen nou yo; e brepanti nan move zak nou yo, ak manti nou yo, ak idolatri seksyèl ou yo, ak abominasyon sekrè nou yo, ak idolatri nou yo, ak asasina nou yo, ak foprèt nou yo, ak anvi nou yo, ak diskisyon nou yo, ak tout mechanste ak abominasyon nou yo, e vin jwenn mwen, e batize nan non m, pou nou kapab gen remisyon pou peche nou yo, pou Sentespri a kapab ranpli nou, pou nou kapab ckonte nan pami moun mwen yo ki fè pati nan kay Izrayèl la.