Ekriti yo
3 Nefi 24


Chapit 24

Mesaje Senyè a pral prepare chemen an pou dezyèm vini an—Kris la pral chita sou fotèy jijman an—Izrayèl resevwa kòmandman pou l peye dim ak ofrann yo—Yo konsève yon liv souvni—Konpare Malachi 3. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, li te kòmande yo pou yo ekri pawòl Papa a te bay Malachi yo, pawòl li te gen pou l di yo. Epi, se te konsa, lè yo te fin ekri, li te esplike yo. Epi men pawòl li te di yo, li te di yo: Men sa Papa a te di Malachi—Gade, m ap voye amesaje m, l ap prepare chemen an devan m, e Senyè w ap chèche a pral parèt menm lè a nan tanp li a, mesaje alyans la menm, nan moun ou pran plèzi a; Senyè tout Lame yo di konsa, l ap vini.

2 Men kiyès ki kapab asipòte jou l ap vini an, epi kiyès ki pral kanpe lè li parèt? Paske, li tankou yon dife bfòjewon ak savon pirifikatè.

3 Epi l ap tankou yon fòjewon ak yon pirifikatè lajan; e li pral pirifye apitit gason Levi yo, li pral rafine yo tankou lò ak lajan, pou yo kapab bofri Senyè a yon ofrann lajistis.

4 Epi lè sa a, ofrann Jida a ak ofrann Jerizalèm nan pral fè Senyè a plèzi menm jan avèk nan tan lontan yo, e menm jan avèk nan ane pase yo.

5 Epi, Senyè tout Lame yo di konsa, epi m ap vin tou prè nou pou jijman; e m ap yon temwen tou pare kont sòsye yo, ak kont adiltè yo, ak kont fo temwen yo, ak kont moun ki kenbe lajan boulon anplwaye yo, vèv yo, ak aòfelen yo, e ki chase etranje yo, e ki pa gen lakrent yo.

6 Paske m se Senyè a, m pa chanje; se poutèt sa, noumenm pitit gason Jakòb yo, nou pa detwi.

7 Depi nan epòk zansèt ou yo, ou te aabandone òdonans mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Senyè tout Lame yo di, bretounen vin jwenn mwen, e m ap retounen vin jwenn nou. Men, nou di: kòman pou nou fè retounen an?

8 Èske yon moun kapab vòlè Bondye? Poutan, nou te vòlè m. Epi nou di: Nan kisa nou te vòlè w la? Nan adim ak bofrann yo.

9 Nou modi anba malediksyon, paske nou vòlè m, tout nasyon sa a nèt.

10 Epi Senyè tout Lame a di, pote tout adim yo nan magazen an, pou kapab gen manje nan kay mwen; e teste m pou nou wè si m p ap louvri fenèt syèl la, pou m vide bbenediksyon jistan pa gen kote pou nou mete l.

11 Epi, Senyè tout Lame yo di, mwen menase ensèk destriktè a pou pwoteksyon nou, e li p ap kapab detwi fwi nan jaden nou yo; ni tou pyebwa nou yo p ap jete fwi yo anvan yo mi nan jaden nou yo.

12 Epi, Senyè tout Lame yo di konsa, tout nasyon ap di nou beni, paske, tè nou an ap rich.

13 Senyè a di konsa, pawòl nou yo te move kont mwen. Malgre sa nou di: Kisa nou te di kont ou?

14 Nou te di konsa: pa gen rezon pou nou sèvi Bondye, kisa sa te sèvi nou lè nou te respekte òdonans li yo, ak lè nou te mache tèt bese devan Senyè tout Lame yo?

15 Epi kounyeya nou panse moun ki gen lògèy yo byen; wi, moun k ap fè mechanste yo fè pwogrè; wi, yo tante Bondye e yo delivre.

16 Epi moun ki te gen lakrent pou Senyè a te apale souvan youn ak lòt, e Senyè a te koute, e l te tande; e yon bliv souvni te ekri devan l pou moun ki gen krentif devan Senyè a, e respekte non l yo.

17 Epi, Senyè tout Lame yo di konsa, e y ap pou mwen, jou sa a lè m arasanble bijou m yo; e m ap pwoteje yo menm jan yon nonm pwoteje pitit gason pa l ki sèvi l.

18 Apre sa, ou pral retounen, epi w pral a diferans ant moun ki jis yo ak moun ki mechan yo, nan pami moun ant ki sèvi Bondye yo ak moun ki pa sèvi l yo.