Ekriti yo
3 Nefi 25


Chapit 25

Nan Dezyèm vini an, moun ki gen lògèy yo ak mechan yo pral boule tankou pay—Eli pral retounen anvan gran jou terib sa a—Konpare Malachi 4. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Paske gade, Senyè tout Lame yo di konsa, gen yon jou ki pral vini k ap acho tankou you founo; e tout moun ki gen blògey yo, wi, ak tout moun ki fè mechanste, yo pral boule, e jou k ap vini an pral boule yo tèlman, li p ap kite yo avèk ni rasin, ni branch.

2 Men, pou nou menm ki respekte non m, aPitit Gason lajistis la pral leve avèk gerizon nan zèl li; nou pral sòti, e n ap bgwonde tankou jèn cbèf nan patiraj.

3 Epi, Senyè tout Lame yo di konsa, e nou pral apilonnen mechan yo; paske, yo pral tounen sann anba pla pye nou jou m fè bagay sa a.

4 Sonje lalwa Moyiz la, sèvitè m nan, lalwa m te ba li nan aÒrèb la pou tout Izrayèl la, avèk prensip ak jijman yo.

5 Gade, m ap voye aEli, pwofèt la pou nou anvan gran bjou terib Senyè a vini.

6 Li pral avire kè Papa yo jwenn pitit yo, e kè pitit yo jwenn papa yo, san sa m ap vin modi tè a anba yon malediksyon.