Pawòl ke Alma, Gran Prèt la, daprè prètriz sen Bondye a te preche pèp la nan vil ak vilaj toupatou nan peyi a.
Kòmanse nan chapit 5.
Chapit 5
Pou yo kapab sove, lèzòm dwe repanti epi respekte kòmandman yo, fòk yo nedenouvo, lave rad yo nan san Kris la, gen imilite epi debarase yo anba lògèy ak anvi, epi fè zèv lajistis—Bon Bèje a rele pèp Li a—Moun sa yo ki fè move zèv, se pitit dyab la yo ye—Alma temwaye konsènan verite doktrin li a epi li kòmande lèzòm pou yo repanti—Non moun ki jis yo pral ekri nan liv lavi a. Anviwon 83 anvan Jezikri.
1 Kounyeya, se te konsa, Alma te kòmanse preche pèp la pawòl Bondye a, dabò nan peyi Zarayemla a, e la, jouk nan tout peyi a.
2 Epi men pawòl li te di pèp legliz la ki te tabli nan vil Zarayemla a, daprè istwa pa li, te di konsa:
3 Mwen menm Alma, papa m Alma te konsakre m, pou m kapab yon gran prèt sou tèt legliz Bondye a, paske li te resevwa pouvwa ak otorite nan men Bondye pou l te fè bagay sa yo, gade, m ap di nou konsa li te kòmanse tabli yon legliz nan peyi ki te nan fwontyè Nefi a; wi peyi ki te rele peyi Mòmon an; epi li te batize frè l yo nan dlo Mòmon an.
4 Epi gade, m ap di nou konsa, yo te delivre anba men pèp wa Noye a, avèk mizèrikòd e avèk pouvwa Bondye.
5 Epi gade, apre sa, yo te tonbe nan esklavaj anba men Lamanit yo nan dezè a; wi, m ap di nou, yo te nan kaptivite, e Senyè a te delivre yo anba esklavaj avèk pouvwa pawòl li; e nou te vin nan peyi sa a, epi se la nou te kòmanse tabli legliz Bondye a nan tout peyi sa a tou.
6 Epi kounyeya gade, m ap di nou, frè m yo, noumenm ki manm nan legliz sa a, èske nou sonje kaptivite zansèt nou yo? Wi, e èske nou sonje mizèrikòd ak lanmou san limit li te genyen pou yo a te ase pou nou? Epi mete sou sa, èske nou sonje ase ke li te delivre nanm yo anba lanfè?
7 Gade, li te chanje kè yo; wi, li te reveye yo anba yon gwo somèy, e yo te reveye nan Bondye. Gade yo te nan mitan fènwa; e nanm yo te klere avèk limyè pawòl etènèl la; wi yo te antoure avèk kòd lanmò, e avèk chenn lanfè e yon destriksyon etènèl te pare pou yo.
8 Epi kounyeya, m ap mande nou, frè m yo, èske yo te detwi? Gade, m di nou non, yo pa t detwi.
9 Epi ankò m ap mande, èske kòd lanmò yo te kase, e èske chenn lanfè ki te antoure yo a, èske chenn sa yo te demare? M ap di nou, wi, yo te demare, e nanm yo te grandi, e yo te chante lanmou redanmtè. Epi m di nou yo sove.
10 Epi kounyeya, m ap mande nou nan ki kondisyon yo sove? Wi, ki rezon yo te genyen pou yo espere jwenn sali? Ki kòz ki te fè yo chape anba kòd lanmò yo, wi ak chenn lanfè yo tou?
11 Gade, m kapab di nou—èske papa m Alma pa t kwè nan pawòl bouch Abinadi te di yo? Epi èske li pa t yon pwofèt ki te sen? Èske li pa t pale pawòl Bondye a, e èske papa m Alma pa t kwè yo?
12 Epi daprè lafwa li, te genyen yon gwo chanjman te fèt nan kè l. Gade, m ap di nou konsa, tout bagay sa yo, se verite.
13 Epi gade li te preche zansèt nou yo pawòl la, yon gwo chanjman te fèt nan kè yo tou, yo te gen imilite, e yo te mete konfyans yo nan vrè Bondye ki vivan an. Epi gade, yo te fidèl jiska lafen; se poutèt sa yo te sove.
14 Epi kounyeya, gade, m ap mande nou, frè m yo ki nan legliz la, èske nou fèt espirityèlman nan Bondye? Èske nou gen imaj li nan figi nou? Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?
15 Èske nou egzèse lafwa nan redanmsyon moun ki te kreye nou an? Èske n ap kontanple avèk yon je lafwa, pou nou wè kò mòtèl sa a leve nan imòtalite, e pou koripsyon sa a leve nan enkoripsyon, pou l kanpe devan Bondye pou l jije daprè zèv ki te fèt nan kò mòtèl la?
16 M di nou, èske nou kapab imajine pou tèt pa nou, ki tande vwa Senyè a di nou, nan jou sa a: vin jwenn mwen, nou menm ki beni, paske zèv nou yo se te zèv lajistis sou sifas tè a?
17 Oubyen, èske nou imajine tèt nou, tankou nou kapab bay Senyè a manti nan jou sa a, pou nou di—Senyè a, zèv nou se te zèv lajistis sou sifas tè a—e pou l sove nou?
18 Oubyen, èske nou kapab imajine tèt nou prezante devan tribinal Bondye a avèk nanm nou plen peche ak remò, avèk konesans tout peche nou, wi yon konesans total pou tout mechanste nou, wi, pou nou konnen nou te mete kòmandman Bondye yo an defi?
19 M ap di nou, èske nou kapab leve tèt pou gade Bondye jou sa a avèk yon kè ki pi e avèk men ki pwòp? M ap di nou, èske nou kapab leve tèt pou gade, avèk imaj Bondye grave nan figi nou?
20 M ap di nou, èske nou kapab panse nou sove pandan nou livre tèt nou tankou esklav pou nou sikonbe anba dyab la?
21 M ap di nou, jou sa a, n ap konnen nou pa kapab sove; paske okenn moun pa kapab sove san rad li pa lave blanch; wi, rad li dwe pirifye jistan tout tach sòti ladan l, nan san moun zansèt ke nou yo te pale a, ki gen pou l vin rachte pèp li a anba peche yo.
22 Epi kounyeya, m mande nou, frè m yo, kòman nenpòt nan nou ta santi l si nou kanpe devan tribinal Bondye a, avèk rad nou tache avèk san e avèk tout kalite salte? Gade, ki kalite temwayaj bagay sa yo ap bay kont nou?
23 Gade èske yo p ap temwaye nou se asasen, wi, epi tou nou koupab nan tout kalite mechanste?
24 Gade, frè m yo, èske nou sipoze yon moun konsa kapab gen plas pou l chita nan wayòm Bondye a avèk Abraram, ak Izarak, ak Jakòb, epi avèk tout pwofèt ki sen yo, ki gen rad yo lave, san tach, pwòp, epi blanch?
25 M ap di nou, Non; eksepte si nou ta fè Kreyatè nou an tounen yon mantè depi nan kòmansman, nou pa kapab sipoze yon moun konsa kapab gen plas nan wayòm syèl la; okontrè yo pral chase moun sa yo paske yo se pitit wayòm dyab la.
26 Epi, gade kounyeya m ap di nou, frè m yo, si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante nan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?
27 Èske nou te mache, avèk tèt nou san repròch devan Bondye? Si nou te gen pou nou mouri kounyeya, èske nou ta kapab di, pou tèt pa nou, nou te gen ase imilite? Èske nou ta kapab di rad nou te lave epi te vin blanch nan san Kris la, ki gen pou l vin rachte pèp li a anba peche yo?
28 Gade, èske nou debarase avèk lògèy? M ap di nou, si non, nou pa prepare pou nou rankontre Bondye. Gade nou dwe prepare nou prese prese; paske wayòm syèl la ap pwoche nan yon ti kras tan, e moun konsa pa p gen lavi etènèl.
29 Gade, m ap di, èske gen youn nan pami nou ki pa make avèk anvi? M ap di nou, yon moun konsa pa prepare; e m ta vle pou l prepare l vit, paske lè a ap pwoche, e li pa konnen ki lè tan an ap rive; paske yon moun konsa pa san peche.
30 Epi ankò, m ap di nou, èske gen yon moun nan pami nou ki pa moke frè l, oubyen ki pa lage pèsekisyon sou tèt frè li?
31 Malè pou moun konsa, paske li pa prepare, e lè a ap pwoche pou l repanti, san sa li pa p kapab sove!
32 Wi, malè pou tout moun k ap komèt inikite; repanti, repanti, paske Senyè Bondye a di sa!
33 Gade, li voye yon envitasyon bay tout moun, paske ponyèt mizèrikòd li lonje pou yo, epi li di: Si nou repanti m ap resevwa nou.
34 Wi, li di: vin jwenn mwen e n ap manje nan fwi pyebwa ki bay lavi a; wi, n ap manje e n ap bwè nan pen ak dlo ki bay lavi a gratis;
35 Wi, vin jwenn mwen e pwodui zèv lajistis, e yo p ap voye nou jete nan dife—
36 Paske gade, tan an ap pwoche pou nenpòt moun ki pa pote bon fwi, oubyen nenpòt moun ki pa fè zèv lajistis, moun sa a gen rezon pou l rele epi pou l jemi.
37 O, nou menm k ap komèt inikite; nou menm ki anfle avèk bagay san valè mond lan, nou menm ki te deklare nou konnen chemen lajistis, men okontrè ki te vin egare, tankou mouton ki san bèje, malgre yon bèje te rele nou e kontinye ap rele nou, men nou pa vle koute vwa l!
38 Gade, m ap di nou, bon bèje a ap rele nou; wi, e l ap rele nou nan non pa l, ki se non Kris la; e si nou pa vle koute vwa bon bèje a, k ap rele nou nan non li a, gade, nou pa mouton bon bèje a.
39 Epi, si nou pa mouton bon bèje a, nan ki twoupo nou ye? Gade, m ap di nou, dyab la se bèje nou e nou fè pati twoupo l la; kounyeya, kiyès ki kapab nye sa? Gade, m ap di nou, nenpòt moun ki nye sa li se yon mantè e li se pitit dyab la.
40 Paske m ap di nou tout bagay ki bon sòti nan Bondye, e tout bagay ki move sòti nan dyab la.
41 Se poutèt sa, si yon nonm fè bon zèv li koute vwa bon bèje a, e li suiv li; men nenpòt moun ki fè move zèv, moun sa a vin tounen pitit dyab la, paske li koute vwa l epi li suiv li.
42 Epi nenpòt moun ki fè sa dwe resevwa rekonpans li nan men l; se poutèt sa, kòm rekonpans, li resevwa lanmò, daprè bagay ki konsène lajistis, paske li mouri kanta sa ki gen pou wè ak tout bon zèv.
43 Epi kounyeya, frè m yo, m ta vle nou koute m paske m ap pale avèk enèji nanm mwen; paske, gade, m te pale avèk nou byen klè pou nou kapab pa fè erè, oubyen m te pale daprè kòmandman Bondye yo.
44 Paske m resevwa apèl pou m pale konsa, daprè lòd sen Bondye a, ki nan Kris la, Jezi; wi, m resevwa kòmandman pou m kanpe e pou m temwaye devan pèp la konsènan bagay zansèt nou yo te pale sou bagay ki dwe rive yo.
45 Epi se pa tout epi èske nou pa sipoze m konnen bagay sa yo pou tèt pa m? Gade, m rann nou temwayaj mwen, m konnen bagay m te pale yo se verite. Epi kòman nou sipoze m konnen yo se verite?
46 Gade, m ap di nou se Lespri Sen Bondye a ki te fè m konnen yo. Gade, m te jene epi m te priye pou anpil jou, pou m te kapab konnen pou tèt pa m. Epi kounyeya, m konnen pou tèt pa m bagay sa yo se verite; paske Senyè Bondye ta manifeste yo ban mwen pa mwayen Lespri Sen li a; e se lespri revelasyon sa a ki nan mwen.
47 Epi, plis ankò, m ap di nou, se konsa m te aprann pawòl zansèt nou yo te pale yo se verite, daprè lespri pwofesi a ki nan mwen menm nan, ki se manifestasyon Lespri Bondye a tou.
48 M ap di nou, m konnen pou tèt pa m, nenpòt bagay m pral di nou, konsènan sa ki gen pou fèt, se verite; epi tou, m ap di nou, m konnen Jezikri pral l vini, wi, Pitit Gason an, Sèl Pitit Literal Papa a, ki plen lagras, ak mizèrikòd, ak verite a. Epi gade se li menm k ap vin wete peche mond lan, wi, peche chak moun ki kwè nan non l avèk fèmte.
49 Epi kounyeya, m ap di nou se apèl sa a m te resevwa, wi, pou m preche frè byenneme m yo, wi, e chak moun ki rete sou tè a, wi, pou m preche tout moun, granmoun kou ti moun, esklav kou lib; wi m ap di nou, vye granmoun kou moun andezaj, ak jenerasyon k ap leve a; wi, pou m di tout moun konsa yo dwe repanti e pou yo nedenouvo.
50 Wi, men sa Lespri a di: Repanti, nou menm tout kwen tè a, paske wayòm syèl la ap pwoche; wi Pitit Gason Bondye a pral vini nan laglwa li nan pisans li, majeste l, pouvwa l, ak dominasyon l. Wi, frè byenneme m yo, m di nou Lespri a te di: Men laglwa Wa tout tè a; epi tou Wa syèl la pral briye pwochènman nan pami tout pitit lèzòm.
51 Epi tou Lespri a te di m wi, li pale m avèk yon vwa fò, pou li di: ale e di pèp sa a konsa—Repanti, paske si nou pa repanti pa gen okenn jan n ap kapab eritye wayòm syèl la.
52 Epi m ap di nou ankò, Lespri a di m: gade rach la poze sou rasin pyebwa a; se poutèt sa chak pyebwa ki pa bay bon fwi, yo pral koupe l jete nan dife, wi yon dife ki pa kapab fin boule, yon dife ki menm pa kapab etenn. Gade, e sonje, moun Sen an te di sa.
53 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, m di nou, èske nou kapab kontrekare pawòl sa yo? Èske nou kapab voye bagay sa yo sou kote, pou nou pilonnen Sen an anba pye nou? Wi, èske nou kapab gonfle kò nou avèk lògèy kè nou? Wi, èske n ap pèsiste nan met rad chè e mete lide nou sou bagay san valè mond lan, sou larichès nou yo?
54 Wi, èske n ap pèsiste nan sipoze ke youn pi bon pase lòt; wi, èske n ap pèsiste nan pèsekisyon, frè nou yo, ki imilye tèt yo e ki mache daprè lòd sen Bondye a, ki te mennen yo nan legliz sa a, Lespri Sen an te fin sanktifye yo, e ki fè zèv repantans—
55 Wi, epi èske n ap pèsiste nan vire do bay pòv yo, ak moun ki nan bezwen yo, e sere byen nou yo pou yo pa jwenn ladan yo?
56 Epi, pou m fini, nou tout ki vle pèsiste nan mechanste nou, m ap di nou, se moun sa yo y ap koupe jete nan dife si yo pa repanti prese prese.
57 Epi, kounyeya, m ap di nou, nou tout ki vle suiv vwa bon bèje a, sòti nan pami mechan yo, e ekate kò nou, e pa touche bagay sal yo a; e gade non yo pral efase, pou non mechan yo kapab pa konte nan pami non moun ki jis yo, pou pawòl Bondye a kapab akonpli, pawòl ki te di: non mechan yo p ap melanje avèk non pèp mwen an;
58 Paske non moun ki jis yo pral ekri nan liv lavi a, e m pral ba yo yon eritaj bò kote dwat mwen. E kounyeya, frè m yo, kisa nou gen pou nou di kont bagay sa a? M ap di nou, si nou pale kont sa, sa pa fè anyen paske pawòl Bondye a dwe akonpli.
59 Paske ki bèje nan pami nou ki gen anpil brebi e ki pa veye yo, pou lou pa antre vin devore yo? Epi gade si yon lou antre nan pami twoupo li a èske li p ap mete l deyò? Wi, e apre sa, si l kapab, l ap touye l.
60 Epi kounyeya, m ap di nou bon bèje a ap rele nou; e si nou koute vwa l l ap mennen nou nan twoupo li a e nou se brebi l; epi li kòmande nou pou nou pa kite okenn lou devoran nan pami nou, pou nou pa detwi.
61 Epi kounyeya, mwen menm Alma, m kòmande nou nan langaj moun ki te kòmande m nan, pou nou obeyi pawòl m te pale nou yo.
62 M ap bay yon kòmandman pou nou menm ki manm legliz la; Epi pou moun ki pa manm legliz la, m voye yon envitasyon, lè m di: vini epi resevwa batèm pou repantans la, pou nou kapab manje fwi pyebwa lavi a tou.