Ekriti yo
3 Nefi 18


Chapit 18

Jezi tabli sentsèn nan pami Nefit yo—Yo resevwa kòmandman pou yo priye tout tan nan non L—Moun ki manje kò L epi ki bwè san Li san yo pa diy, y ap kondane—Disip yo resevwa pouvwa pou yo konfere Sentespri a. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, Jezi te kòmande disip yo pou y al chèche pen ak diven ba li.

2 Epi, pandan yo t al chèche pen ak diven an, li te kòmande foul la pou yo chita atè a.

3 Epi, lè disip yo te vini avèk pen ak diven an, li te pran nan pen an, li te kase l e li te beni l; li te bay disip yo e li te kòmande yo pou yo manje.

4 Lè yo te fin manje epi yo te satisfè, li te kòmande yo pou yo bay foul la.

5 Lè foul la te fin manje epi yo te satisfè, li te di disip yo: Tande, m ap lonmen youn nan pami nou, e m ap ba li pouvwa pou l kapab kase pen, pou l beni l e pou l bay pèp legliz mwen an, pou l bay tout moun ki kwè e ki batize nan non m.

6 Epi, se sa n ap toujou sonje pou nou fè, menm jan m te fè a, menm jan m te kase pen, m te beni l e m te ba nou l la.

7 Epi, se sa n ap fè pou nou kapab sonje kò m, m te fè nou wè a. Epi sa ap yon temwayaj pou fè Papa a konnen nou toujou sonje m. Epi si nou toujou sonje m n ap gen Lespri m avèk nou.

8 Epi, se te konsa, lè l te di pawòl sa yo, li te kòmande disip li yo pou yo pran yon tas nan diven an, pou yo bwè l, e pou yo bay foul la tou pou yo te kapab bwè ladan l.

9 Epi, se te konsa, yo te fè sa, yo te bwè epi yo te satisfè; e yo te bay foul la, foul la te bwè epi yo te satisfè.

10 Epi, lè disip yo te fin fè sa, Jezi te di yo: nou beni poutèt bagay sa a nou te fè a, paske se akonplisman kòmandman m yo, e sa rann Papa a temwayaj nou vle fè sa m kòmande nou fè.

11 Epi, se sa n ap fè pou moun ki repanti e batize nan non m; e n ap fè l pou nou sonje san m, m te pèdi pou nou an, pou nou kapab temwaye Papa a nou toujou sonje m. Epi si nou toujou sonje m n ap gen Lespri m avèk nou.

12 Epi, m ba nou kòmandman pou nou fè bagay sa yo. Epi si nou toujou fè bagay sa yo nou beni, paske nou bati sou wòch mwen an.

13 Men nenpòt moun nan pami nou ki fè plis oubyen mwens pase bagay sa yo, yo pa bati sou wòch mwen an; men, yo bati sou yon fondasyon sab; e lè lapli a tonbe, epi dlo desann, e van soufle frape yo, y ap tonbe e pòt lanfè a deja louvri pou resevwa yo.

14 Se poutèt sa nou beni si nou respekte kòmandman m yo, Papa m te kòmande m pou m ba nou yo.

15 An verite, an verite, m di nou, nou dwe veye epi priye tout tan pou dyab la pa tante nou, e pou l pa mennen nou nan prizon.

16 Epi jan m te priye nan pami nou an, se konsa n ap priye nan legliz mwen an, nan pami pèp mwen an ki repanti ak batize nan non mwen an. Gade, m se limyè a; m te tabli yon egzanp pou nou.

17 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin pale disip li yo pawòl sa yo, li te vire tèt li bay foul la ankò, e li te di yo:

18 Gade an verite an verite, m di nou nou dwe veye, priye tout tan pou nou pa tonbe nan tantasyon; paske Satan vle pran nou, pou l kapab vannen nou tankou ble.

19 Se poutèt sa nou dwe toujou priye Papa a nan non m;

20 Epi nenpòt bagay ki jis nou mande Papa a nan non m, si nou kwè n ap resevwa l, gade n ap resevwa l.

21 Priye Papa a nan fanmi nou, tout tan nan non m, pou madanm nou ak pitit nou yo kapab beni.

22 Epi gade, nou dwe reyini ansanm souvan; e nou pa dwe anpeche onkenn moun vin jwenn nou lè nou reyini ansanm, men, kite yo vini e pa anpeche yo;

23 Men, priye pou yo, e pa chase yo deyò; e si yo vin jwenn nou souvan, nou dwe priye Papa a pou yo nan non m.

24 Se poutèt sa, leve limyè nou an anlè pou l kapab klere mond lan. Gade m se limyè nou dwe leve anlè a—bagay nou te wè m fè yo. Gade nou wè m te priye Papa a, e nou te rann temwayaj.

25 Epi nou wè m pa t kòmande pou okenn nan pami nou rale kò nou, men okontrè m te kòmande pou nou vin jwenn mwen, pou nou touche m e pou nou wè; se menm jan an pou nou fè pou mond lan; e nenpòt moun ki dezobeyi kòmandman sa a, l ap kite tèt li tonbe nan tantasyon.

26 Epi kounyeya, se te konsa, lè Jezi te fin pale pawòl sa yo, li te vire je l ankò sou disip li te chwazi yo, epi li te di yo:

27 Gade an verite an verite, m di nou, m ap ba nou yon lòt kòmandman, e apre sa m dwe al jwenn Papa m pou m kapab akonpli yon lòt kòmandman li te ban mwen.

28 Epi kounyeya, gade, men kòmandman m ba nou, pou nou pa kite okenn moun manje kò m ak san m si nou konnen li pa diy, lè n ap ofri l.

29 Paske nenpòt moun ki manje, e ki bwè kò m ak san m san l pa diy, li manje e li bwè kondanasyon pou nanm li; se poutèt sa, si nou konnen yon moun pa diy pou l manje e pou l bwè kò m ak san m nou dwe anpeche l.

30 Men, pa chase l sòti nan pami nou, okontrè se pou nou ede l, e se pou nou priye Papa a pou li nan non m; si l repanti e l batize nan non m, lè sa a nou dwe resevwa l, e nou dwe ba li nan kò m ak san m nan.

31 Men si l pa repanti, li p ap konte nan pami pèp mwen an, pou l kapab pa detwi pèp mwen an, paske gade, m konnen mouton m yo, e yo tout konte.

32 Men, pa chase l deyò nan sinagòg nou yo, oubyen nan kay adorasyon nou yo, paske nou dwe kontinye ede moun konsa; paske nou pa konnen si yo p ap retounen vin repanti, pou yo vin jwenn mwen sensèman, e m ap geri yo; e n ap vin yon mwayen pou yo jwen sali a.

33 Konsa, kenbe bagay sa yo m te kòmande nou an pou nou pa tonbe anba kondanasyon; paske malè pou moun Papa a ta kondane.

34 Epi m ba nou kòmandman sa yo poutèt diskisyon ki te gen nan pami nou yo. Epi n ap beni si pa gen diskisyon nan pami nou.

35 Epi kounyeya, m pral jwenn Papa a, paske li nesesè pou m al jwenn Papa a pou byen nou.

36 Epi, se te konsa, lè Jezi te fini avèk pawòl sa yo, li te touche disip li te chwazi yo avèk men l, youn apre lòt, jistan li te fin touche yo tout nèt, e li te pale avèk yo pandan li te touche yo a.

37 Epi foul la pa t tande pawòl li te pale yo, se poutèt sa yo pa t rann temwayaj; men, disip yo te rann temwayaj pou fè konnen, li te ba yo pouvwa pou yo bay Sentespri a. Epi apre sa, m pral montre nou temwayaj sa a se te verite.

38 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin touche yo tout, yon nyaj te vin kouvri foul la tèlman, yo pa t kapab wè Jezi.

39 Epi pandan nyaj la te kouvri yo a, li te sòti nan pami yo, epi li te monte nan syèl la. Disip yo te wè e yo te rann temwayaj pou fè konnen, li te monte nan syèl la ankò.