Istwa nan Ekriti yo
Jezi Kapab Fè Bagay Fèb yo Vin Fò—Leson Pòl tire nan yon “pikan”


2 Korentyen 12:7–10

Jezi Kapab Fè Bagay Fèb yo Vin Fò

Leson Pòl tire nan yon “pikan”

Apot Pòl k ap anseye moun konsènan Sovè a.

Apot Pòl sete yon gran sèvitè Jezikri. Li te jwenn anpil revelasyon epi anseye moun konsènan Sovè a. Men, Pòl te gen anpil difikilte tou.

2 Korentyen 12:7

Pòl k ap ekri yon lèt pou manm Legliz yo nan Korent.

Nan yon lèt pou manm legliz yo, Pòl te konpare eprèv li yo ak yon pikan ki kole nan po li. Li te fè Pòl santi l fèb anpil.

2 Korentyen 12:7

Pòl k ap priye.

Twa fwa, Pòl te priye epi li te mande Seyè a pou retire eprèv li a. Men, Senyè a pa t retire l.

2 Korentyen 12:8–9

Sovè a ki kenbe men Pòl epi leve l anlè.

Okontrè, Senyè a te di Pòl li te gen ase pouvwa pou l rann Pòl fò. Pòl te aprann ke pafwa yon eprèv kapab yon bon bagay si nou vire jwenn Senyè a epi mande èd. Lè nou santi nou fèb, Jezikri ka rann nou fò, menm si eprè nou yo pa disparèt.

2 Korentyen 12:9–10