Istwa nan Ekriti yo
Jezi se Bon Bèje a—"Mouton mwen yo tande vwa mwen, e mwen konnen yo"


Jan 10:1–18

Jezi se Bon Bèje a

"Mouton mwen yo tande vwa mwen, e mwen konnen yo"

Jezi k ap pale ak moun nan Jerizalèm

Jezi di moun ki nan Jerizalèm yo ke Li tankou yon Bon Bèje. Disip Li yo, oubyen moun ki swiv Li, tankou mouton Li yo. Bon bèje a renmen mouton Li yo. Li konnen non chak mouton.

Jan 10:3, 14; gade tou Elaman 15:13

Bèje a k ap rele mouton li yo.

Mouton yo konnen vwa bon bèje a. Lè li rele yo, yo tande epi yo obeyi

Jan 10:4, 27

Bèje a k ap mennen mouton li yo.

Bon bèje a pran swen mouton li yo. Li mennen yo nan patiraj vèt, menm jan Jezi Kri mennen nou nan lavi etènèl.

Jan 10:9–10, 28

Yon moun yo te anboche ki abandone mouton yo epi k ap kouri pou danje.

Lè yo anboche yon lòt moun pou pran swen mouton yo, yo pa suiv li, paske yo pa konnen vwa li. Lè danje vini, moun yo te anboche a kouri ale. Li pa pran swen mouton yo tankou bon bèje a.

Jan 10:5, 12–13

Bèje a k ap pwoteje mouton li yo.

Bon bèje a pa kouri lè gen danje. Li rete pou pwoteje mouton Li yo. Li menm dispoze bay lavi li pou yo, menm jan Jezikri te bay lavi Li pou nou pou nou kapab gen lavi etènèl.

Jan 10:11, 17–18

Jezi ap esplike ke Li pral vizite lòt mouton Li yo, nan Amerik yo.

Jezi di moun ki nan Jerizalèm yo ke Li gen lòt mouton tou ki ap viv nan lòt kote. Jezi di Li ta pral vizite yo tou, epi yo t ap tande ansèyman Li yo. Liv Mòmon an rakonte kijan Jezi te vizite kèk nan lòt mouton Li yo nan Amerik yo.

Jan 10:16; 3 Nefi 15:11–24