Istwa nan Ekriti yo
Dènye Soupe A—Jezi prezante sentsèn nan


Matye 26; Lik 22; Jan 13–14

Dènye soupe a

Jezi prezante sentsèn nan

Jezi ak Apot Li yo nan Jerizalèm

Jezi ak Apot Li yo te nan Jerizalèm pou selebre Pak la. Pèp Jwif la te selebre Pak chak ane. Sa te ede yo sonje ke, sa gen plizyè ane, fanmi yo te esklav nan peyi Lejip, epi Bondye te ede yo sove.

Egzòd 12:27

Jezi ak Apot Li yo te chita an wonn sou tab la.

Pandan yo te nan Jerizalèm, Jezi ak Apòt Li yo te fè yon fèt espesyal ansanm. Jezi te anvi pataje repa sa a avèk yo.

Lik 22:7–15

Jezi k ap lave pye youn nan Apot Li yo.

Aprè yo fin manje, Jezi plen yon bòl avèk dlo. Li te kòmanse lave pye Apot li yo.

Jan 13:4–5

Pyè mande poukisa Jezi ap lave pye yo

Lè se te kout pa Pyè, li mande poukisa Jezi t ap fè sa. Lave pye sete yon bagay ke sèlman sèvant ki te konn fè l.

Jan 13:6

Jezi ap anseye Apot Li yo kijan pou youn renmen lòt.

Jezi te di Li t ap lave pye yo pou L ba yo yon egzanp. Li te vle pou yo sèvi ak renmen youn lòt jan Li te renmen yo a. Si yo te fè sa, moun t ap konnen yo se disip li yo.

Jan 13:14–16, 34–35

Pyè ap pale avèk Jezi

Jezi te di disip li yo ke Li ta pral mouri byento. Pyè di li pare poul mouri pou Jezi.

Jan 13:36–38

Jezi reponn Pyè

Men, Jezi te konnen moman difisil yo t ap vini. Li te di Pyè ke anvan kòk la chante nan demen maten, Pyè t ap gen pou l di twa fwa ke li pa konnen Jezi.

Jan 13:38

Jezi ap anseye Apot Li yo sou Sentespri a

Jezi te konnen Apot Li yo te ka enkyete epi pè. Li te pwomèt ke Bondye t ap voye Sentespri a ba yo . Sentespri a t ap rekonfòte yo, anseye yo, epi ede yo sonje sa Jezi te anseye yo a. Li te di yo pou yo ni pa enkyete ni pè. Li te di: “Si ou renmen mwen, respekte kòmandman m yo.”

Jan 14:1, 15–16, 26–27

Jezi ap kase pen pou Sentsèn nan

Apresa, Jezi te fè yon bagay ki te trè espesyal pou ede Apot Li yo toujou sonje Li. Li te ba yo Sentsèn nan. Premyèman, Li te beni pen an, Li te kase li an moso, epi Li te bay Apot Li yo li. Jezi te di yo pou yo sonje kò li lè y ap manje pen an. Li te mande yo pou yo sonje ke Li t ap gen pou Li mouri pou yo.

Matye 26:26; Lik 22:19

Jezi ap beni diven an pou Sentsèn nan.

Aprè sa, Jezi te vide diven nan yon gode. Li te beni diven an epi Li te di Apot yo pou yo bwè li. Jezi te di yo pou yo sonje san Li lè yo t ap bwè diven an. Li te mande yo pou yo sonje ke Li t ap pral soufri, senyen, epi mouri pou doulè ak peche tout moun pou nou te ka repanti epi jwenn padon.

Matye 26:27–28; Lik 22:20

Jezi k ap anseye Apot li yo pou yo respekte kòmandman l yo.

Apresa, Jezi te esplike ke Li tankou yon pye rezen, epi disip Li yo tankou branch pye rezen an. Si yon branch rete konekte avèk pye rezen an, l ap pote fwi. Yon branch ki pa konekte avèk pye rezen an ap mouri, epi li p ap kapab pote fwi. Jezi te vle pou disip li yo toujou rete toupre li, nan renmen youn lòt epi nan obeyi kòmandman L yo.

Jan 15:4–12

Jezi ak apòt Li yo k ap mache ale nan jaden Getsemane.

Aprè li te fin anseye bagay sa yo, Jezi ak apòt Li yo te chante yon kantik. Yo te mache ale nan direksyon yon jaden yo rele Jetsemane.

Matye 26:30