Istwa nan Ekriti yo
Sovè a Fèt—Pwomès Bondye a akonpli


Lik 2; Matye 2:1–15

Sovè a Fèt

Pwomès Bondye a akonpli

Jozèf ak Mari k ap vwayaje ale Betleyèm.

Jozèf ak Mari te viv nan Nazarèt. Toutalè Mari te pral fè yon ti bebe. Tout moun te oblije ale nan vil natal yo pou yo peye taks. Sa a te vledi Jozèf ak Mari te oblije ale Betleyèm, vil natal Jozèf. Yo te oblije vwayaje yon wout long pou yo rive la.

Lik 2: 1–5

Mari ak Jozèf nan Bètleyèm.

Vwayaj la pa te fasil pou Mari. Paske anpil moun te vini nan Betleyèm, Mari ak Jozèf pa t ka jwenn yon kote pou Mari fè pitit li a.

Lik 2: 6–7

Mari ak Joseph ki kenbe tibebe Jezi ki fèk fèt la.

Yo te jwenn yon kote yo te konn kenbe bèt yo. Nan kote enb sa a, Jezi te fèt. Mari ak Jozèf te renmen epi pran swen tibebe Jezi a. Yo te vlope Li ak twal pou ede Li rete cho ak konfòtab. Yo te mete Li kouche dòmi nan yon manjwa, ki te dabitid sèvi pou nouri bèt yo.

Lik 2: 6–7

Yon zanj ki parèt devan yon gwoup bèje.

Toupre, bèje yo t ap veye mouton yo pandan lannuit. Sanzatann, yon gwo limyè te klere alantou yo, epi yon zanj te parèt. Bèje yo te pè.

Zanj la k ap di bèje yo ke Jezi te fèk fèt.

Zanj lan te di yo pou yo pa pè, paske li te gen bòn nouvèl! Sovè a te fèt nan Betleyèm, epi yo te ka jwenn Li kouche nan yon manjwa. Apresa plis zanj te vini, ap chante, “Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.”

Lik 2:10–15

Bèje yo k ap salye ti bebe Jezi a.

Bèje yo te kouri ale Betleyèm epi yo te jwenn tibebe Jezi a, egzakteman jan zanj lan te di a. Yo te rakonte moun bèl bagay yo te wè ak tande yo. Yo te konnen Jezi sete yon timoun espesyal.

Lik 2:16–17

Simeyon ki kenbe tibebe Jezi.

Mari ak Jozèf te mennen tibebe Jezi nan tanp lan pou yo prezante Li devan Bondye. La yo te rankontre yon mesye yo rele Simeyon. Sentespri a te di Simeyon ke li t ap rive rankontre Sovè a anvan li mouri. Li te kenbe tibebe a epi li te di Jezi tapral sove tout pitit Bondye yo. Jozèf ak Mari te emèveye pou sa li te di yo.

Lik 2:22–35

Ana ki rankontre tibebe Jezi.

Nan tanp lan te gen yon lòt moun yo te rele Ana. Mari li te mouri sa gen anpil ane. Kounyea, Ana te pase tout tan li ap adore Bondye nan tanp lan. Li te remèsye Bondye pou chans li te genyen pou l rankontre Sovè a. Chak fwa li te rankontre yon moun ki t ap tann Sovè a, li te pale yo de Jezi.

Lik 2: 36–38

Nèg save yo k ap gade yon nouvo zetwal parèt nan syèl la.

Lè Jezi te fèt, nèg save nan yon lòt peyi yo te wè yon nouvo zetwal. Yo te konnen sa te vledi yon timoun espesyal te fèt ki t ap vin Pitit Bondye ak Sovè mond lan. Yo te kòmanse yon vwayaj long pou vizite timoun sa a ak adore Li. Yo te vle pote kado pou Li pou montre lanmou yo pou Li.

Matye 2:1–7; gade Tradiksyon Joseph Smith nan nòt, 2a

Nèg save k ap chèche Sovè a nan lavil Jerizalèm.

Apre yo fin vwayaje pandan lontan, nèg save yo te rive lavil Jerizalèm. Yo te di ke yon nouvo wa Jwif yo, Sovè a, te fèt, epi yo te vin adore Li. Yo te mande kote yo ta ka jwenn nouvo wa a.

Matye 2: 1–2

Ewòd k ap di mesye li yo pou yo jwenn nouvo wa a.

Yon wa yo te rele Ewòd te tande ke nèg save yo t ap chèche yon nouvo wa. Li te enkyete. Prèt ak eskrib li yo te di li ke ekriti yo te di yon nouvo wa tapral fèt nan Betleyèm. Ewòd te di nèg save yo pou yo chèche nan Betleyèm epi apresa retounen epi di li lè yo fin jwenn nouvo wa a.

Matye 2:3–8

Nèg save yo k ap adore ti bebe Jezi.

Nèg save yo te rive Betleyèm. Yo te suiv zetwal la, ki te mennen yo jwenn Jezi. Lè yo te jwenn Li ak Mari ak Jozèf, yo te bay Jezi twa kado espesyal epi yo te adore Li. Bondye te avèti yo pou yo pa retounen jwenn Ewòd, konsa yo retounen lakay yo sou yon lòt wout.

Matye 2:9–12

Yon zanj k ap di Jozèf ke li dwe mennen fanmi li nan peyi Lejip.

Apre nèg save yo fin ale, Jozèf te fè yon rèv. Nan rèv la, yon zanj te di Jozèf ke Ewòd te ankòlè. Jozèf te bezwen mennen Mari ak Jezi nan peyi Lejip pou mantni yo ansekirite.

Matye 2:13

Jozèf, Mari, ak Jezi k ap kite pou ale nan peyi Lejip.

Jozèf te leve tousuit. Li te pati ale nan peyi Lejip ansanm ak Mari ak Jezi nan mitan lannuit.

Matye 2:14

Jozèf, Mari ak Jezi lakay yo.

Mari, Jozèf ak Jezi te rete nan peyi Lejip jiskaske zanj lan te di yo Ewòd te mouri epi li te san danje pou yo retounen. Apresa yo te retounen al viv nan Nazarèt.

Matye 2:15, 19–23