Istwa nan Ekriti yo
Jezi Geri yon Mesye Avèg—Yon gerizon ki rive avèk letan


Mak 8:22–25

Jezi Geri yon Mesye Avèg

Yon gerizon ki rive avèk letan

Moun k ap pote yon mesye avèg pou Jezi geri.

Nan yon vil yo te rele Betsayida, moun yo te mennen yon avèg bay Jezi. Yo te vle Jezi beni li pou li te ka wè.

Mak 8:22

Jezi k ap beni mesye a.

Jezi kenbe men mesye a epi Li mennen li soti kite lavil la. Apresa, Jezi mete men Li sou mesye a epi beni li.

Mak 8:22

Mesye a kapab wè kounyea, men pa trè byen.

Jezi mande mesye a si li te ka wè anyen. Mesye a te gade anlè. Li te di li te kapab wè yon ti kras, men pa trè klè. Li te di ke moun yo sanble tankou pyebwa k ap mache.

Mak 8:23–24

Mesye a kapab wè byen klè kounyea.

Jezi te beni mesye a ankò. Fwa sa a, lè li te gade anlè, tout bagay te klè. Jezi te geri li!

Mak 8:25