Entwodiksyon
Konsènan Nouvo Testaman an
Istwa Jezikri ak disip Li yo
Bib la gen de pati: Ansyen Testaman an ak Nouvo Testaman an. Ansyen Testaman an gen sa anpil pwofèt te ekri depi lontan desa. Kèk nan pwofèt sa yo te ekri ke Bondye te pwomèt L ap voye yon Sovè. Li tapral Pitit Gason Bondye a epi sove nou anba peche ak lanmò pou nou ka viv avèk Bondye ankò.
Ezayi 53:3–5; Jakòb 7:11; Moyiz 4
Nouvo Testaman an pale konsènan kijan pwomès sa a te akonpli. Li pale konsènan nesans Jezikri, Pitit Gason Bondye a.
Lik 2:4–7
Nouvo Testaman an pale de lavi Jezi tou. Li te viv nan mitan Jwif yo epi anseye nou kijan pou nou viv pou nou ka retounen kote Papa nou ki nan syèl la yon jou.
Matye 5:1–2
Jezi te beni ak sèvi moun. Li te fè anpil mirak pou yo, tankou geri moun ki te malad epi fè moun mouri retounen viv.
Matye 4:23
Jezi te chwazi douz nan disip Li yo pou yo te Apot yo. Li te ba yo otorite pou dirije Legliz Li a.
Lik 9:1–2
Paske Li renmen nou, Jezi te pran sou Limenm tout doulè, tristès ak peche nou. Li te mouri pou nou. Apresa, twa jou apre, Li te venk lanmò epi te resisite! Jezikri ap viv epi akozde Limenm, nou kapab repanti de peche nou yo epi viv ankò apre nou mouri.
Moun ki te konnen ak renmen Jezi te ekri konsènan tout bagay sa yo. Apot Li yo te ekri lèt pou ede manm yo nan Legliz la bati lafwa yo nan Jezikri. Bagay yo te ekri yo te sere pandan anpil, anpil ane. Kounyea nou kapab li yo nan Nouvo Testaman an epi aprann kijan pou suiv Jezikri.
Lik 1:1–4