Matye 3
Jezi Batize
Etabli yon egzanp obeyisans pou Bondye
Bondye te aple Jan pou ede moun prepare pou Jezikri ki gen pou L vini. Jan te anseye moun yo pou repanti epi batize. Moun yo te rele li Jan Batis.
Matye 3:1–12
Jan sete yon anseyan puisan. Anpil moun te vin tande Li epi yo te batize. Yon jou, Jezi te vini pou Li te batize.
Matye 3:5, 13
Jan te konnen Jezi te toujou obeyi Bondye. Li pa te bezwen repanti. Jan pa te panse li ta dwe batize Jezi. Jan te panse se Jezi ki ta dwe batize li!
Matye 3:14
Jezi te di ke Li te bezwen batize tou. Li te vle obeyi tout kòmandman Papa Li yo. Li te vle etabli yon egzanp pou nou tou. Jan te batize Li.
Matye 3:13–15; 2 Nefi 31:5–7
Apre Jezi te soti nan dlo a, Sentespri a te desann sou Li tankou yon pijon. Papa nou ki nan Syèl la te pale depi nan syèl la, li di: “Sa se Pitit mwen renmen anpil la.” Papa nou ki nan Syèl la te kontan anpil avèk Jezi.
Matye 3: 16–17