Jan 11:1–46
Jezi Mennen Laza Retounen nan Lavi
“Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a”
Mari, Mat ak Laza te rete nan yon vil yo te rele Betani. Yo te kwè nan Jezi epi Li te renmen yo. Mari ak Mat sete sè Laza.
Jan 11:1, 5
Laza te tonbe malad anpil. Jezi te nan yon lòt vil. Mari ak Mat te voye yon mesaj pou fè Li konnen ke zanmi L la te malad.
Jan 11:1–3
Jezi te tann de jou pase. Apresa, Li te di disip Li yo ke yo ta prale Betani. Disip yo te enkyete paske kèk nan moun ki te toupre Betani yo te vle fè Jezi mal. Men, Jezi te vle ede Laza. Jezi te di ke Laza te deja mouri, epi Li ta pral mennen li retounen nan lavi.
Jan 11:6–16
Mat te rankontre Jezi nan antre vil la. Li te di si Jezi te vini pi bonè, Laza pa t ap mouri. Jezi te pwomèt ke Laza t ap viv ankò.
Jan 11:17–24
Jezi te di: “Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a.” Li te mande Mat si li te kwè nan Li. Li te di: Mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye a.
Jan 11:25–27
Mat te tounen lakay la epi li te di Mari ke Jezi te rive. Mari te vini epi tonbe devan pye Jezi, ap kriye konsènan frè li. Jezi te kriye tou. Li te renmen Laza, Mari ak Mat.
Jan 11:28–36
Jezi, Mat, Mari ak lòt moun te ale nan kavo a kote yo te antere Laza a. Yon gwo wòch te kouvri ouvèti a. Jezi te di pou deplase wòch la akote.
Jan 11:38–39
Men Matte di Jezi ke Laza te deja mouri depi kat jou. Jezi te raple Mat pwomès Li a. Li te mande li pou kwè.
Jan 11:39–40
Apresa, Jezi te priyè Papa Li. Li te remèsye Bondye paske li toujou tande Li. Jezi te vle moun yo kwè ke Bondye te voye Li pou vin Sovè a. Apresa, Jezi te rele, “Laza, avanse soti.”
Jan 11:41–43
Laza mache soti nan kavo a. Li te toujou vlope nan rad ak dra yo te antere l yo. Jezi te di moun yo pou yo devlope li. Anpil nan moun ki t ap gade jou sa a kounye a te kwè ke Jezi sete Sovè a tout bon, Pitit Gason Bondye a.
Jan 11:44–45