Lik 2:39–52
Jezi Ti Gason
Aprann ak grandi
Jezi te grandi nan vil Nazarèt ansanm avèk Mari ak Jozèf. Avèk letan, Li te aprann pi plis ak plis konsènan Papa nou ki nan Syèl la. Li te prepare pou travay Papa nou ki nan Syèl la te vle Li fè a.
Lik 2:39–40; Doktrin ak Alyans 93:12–14
Lè Jezi te gen 12 an, Li te ale Jerizalèm avèk fanmi ak zanmi pou selebre fèt Delivrans lan. Yo te rete la pandan plizyè jou.
Lik 2: 41–43
Sou wout lakay, Jozèf ak Mari te remake Jezi pa te avèk yo. Yo te tounen ale Jerizalèm pou chèche jwenn Li. Yo te enkyete anpil.
Lik 2: 44–46
Apre yo fin chèche pandan twa jou, Mari ak Jozèf finalman te jwenn Jezi. Li te nan tanp lan, ap pale avèk kèk anseyan konsènan ekriti yo. Anseyan yo t ap poze Li kesyon. Yo te sezi wè nivo konesans ak konpreyansyon Jezi!
Lik 2:46–47; gade tou Tradiksyon Joseph Smith nan nòt anba paj 46c
Mari te di Jezi jan yo te enkyete lè yo pa te kapab jwenn Li. Jezi te reponn ke Li t ap fè travay Papa Li ki nan Syèl la. Jezi te tounen Nazarèt avèk fanmi Li. Li te obeyi Mari ak Jozèf.
Lik 2:48–52
Jezi te kontinye aprann. Li te vin pi gran ak pi fò. Papa nou ki nan Syèl la te renmen Li epi ede Li prepare pou misyon Li. Jezi te renmen moun ki bò kote Li yo, epi yo te renmen Li.
Lik 2:52