Mak 12:41–44
Yon Vèv ak De Ti Pyès Monnen
Jezi anseye konsènan sakrifis
Jezi te ale nan tanp la nan Jerizalèm. Pandan Li te la, Li t ap gade jan moun bay lajan pou travay tanp lan. Anpil moun rich te bay anpil lajan.
Mak 12:41
Apresa, yon vèv pòv te bay de pyès monnen yo te rele monnen obòl. Se pa t anpil lajan, men sete tout sa l te genyen.
Mak 12:42, 44
Jezi te wè vèv la epi L te mande disip Li yo pou yo te vin gade sa l te fè.
Mark 12:43
Jezi te di ke vèv la te bay plis pase tout moun. Moun rich yo te bay anpil lajan, men se yon ti pati nan sa yo te genyen. Vèv la te bay sèlman yon tikras lajan, men li te bay tout sa l te genyen.
Mak 12:43–44