Istwa nan Ekriti yo
Jezi Antre Jerizalèm sou bourik—Moun yo akeyi Sovè yo a


Matye 21: 1–16

Jezi Antre Jerizalèm sou bourik

Pèp la akeyi Sovè yo a

Moun k ap tann pou rankontre Jezi nan antre Jerizalèm.

Se te prèske moman pou fèt Delivrans lan, yon fèt enpòtan pou Juif yo. Anpil moun te ale Jerizalèm pou fèt Delivrans lan. Jezi ak disip Li yo te ale tou. Lè moun yo te tande ke Jezi t ap vini, yo te ale pou rankontre Li.

Matye 21:1; Jan 12:12–13

Jezi ak disip Li yo ap pwoche Jerizalèm.

Lè Jezi ak disip Li yo te prèske rive Jerizalèm, Li te mande yo pou yo te mennen yon bourik pou Li. Anpil ane anvansa, yon pwofèt te di ke Sovè a t ap vini nan imilite, monte sou yon jenn bourik.

Matye 21:1–7; gade tou Zakari 9:9

Jezi antre nan Jerizalèm

Jezi antre nan vil la sou do yon bourik. Moun yo te kontan anpil pou yo te wè Li. Yo te akeyi Li tankou yon wa. Yo te mete branch palmis ak rad yo atè a pou bourik la te ka mache sou yo. Yo te remèsye Bondye epi yo te rele, “Ozana! Benediksyon pou wa Izrayèl la ki vini nan non Senyè a.”

Matye 21:8–9; Lik 19:36–38; Jan 12:13

Moun k ap gade Jezi

Anpil moun nan Jerizalèm te mande kisa ki t ap pase. “Kiyès moun sa a?” yo te mande. Lòt moun te reponn ke sete Jezi, moun Nazarèt la.

Matye 21:10–11

Jezi wè moun k ap chanje lajan nan tanp lan.

Apresa, Jezi te ale nan tanp lan. Kèk moun ladan t ap chanje lajan epi yo t ap vann bèt pou moun te sakrifye. Jezi te konnen ke yo te malonèt.

Matye 21:12

Jezi di moun k ap chanje lajan yo pou yo kite tanp lan.

Jezi pa t renmen ke yo t ap fè lajan sou moun ki te vle adore nan tanp lan. Li te fè yo kite tanp lan epi Li te ranvèse tab yo. Li te di: “Kay mwen an ta dwe rele kay lapriyè; men nou fè l tounen yon refij pou vòlè.”

Matye 21:12–13; gade tou Ezayi 56:7; Jeremi 7:11

Jezi geri moun nan tanp lan.

Moun ki te avèg oswa ki pa t ka mache te vin jwenn Jezi nan tanp lan epi Li te geri yo. Timoun te rele “Ozana,” pou fè lwanj pou Jezi epi di ke Li sete Sovè a.

Matye 21:14–15

Jezi pale avèk prèt yo ak eskrib yo.

Kèk nan prèt yo ak eskrib yo te fache lè yo te wè sa Jezi te fè epi tande sa timoun yo t ap di. Jezi te raple yo yon ekriti ki di ke Bondye ta fè lwanj pafè soti nan bouch timoun yo.

Matye 21:15–16; gade tou Sòm 8:2