Travay 8:5–24
Simon ak Pouvwa Bondye a
Aprann konsènan prètriz Bondye a
Yon nonm yo te rele Simon te viv nan vil Samari. Lè li te tande levanjil Jezikri a, li te kwè. Li te emèveye tou pou mirak disip Jezi yo te fè avèk pouvwa Bondye. Simon te batize, konsa tou avèk anpil lòt gason ak fi nan Samari.
Travay 8:5–13
Apòt yo nan Jerizalèm te tande moun nan Samari yo t ap batize. Pyè ak Jan te ale Samari. Avèk itilizasyon pouvwa Bondye, prètriz la, yo te mete men yo sou tèt moun ki te batize yo epi ba yo don Sentespri a.
Travay 8:14–17
Lè Simon te wè Pyè ak Jan fè sa, li te ofri yo lajan, li te di yo: “Ban m pouvwa sa a tou.” Li te vle achte prètriz Bondye a pou l te ka bay don Sentespri a tou.
Travay 8:18–19
Pyè te esplike ke pèsonn pa ka achte pouvwa Bondye a. Se yon don Bondye. Pyè te di Simon ke kè li te bezwen chanje. Li te envite Simon pou l te repanti epi priye pou mande Bondye padon.
Travay 8:20–23
Simon te regrèt. Li te mande Pyè pou priye pou li pou te ede l chanje.
Travay 8:24