Istwa nan Ekriti yo
Jezi Geri Sèvitè yon Santiryon—Yon dirijan Women montre anpil lafwa


Lik 7:1–10

Jezi geri Sèvitè yon Santiryon

Yon dirijan Women montre anpil lafwa

Yon santiryon avèk sòlda li yo.

Yon santiryon t ap viv nan Kapènawòm, yon vil kote Jezi te souvan anseye. Li sete chèf yon gwo gwoup sòlda.

Lik 7:1–2

Sèvitè santiryon an trè malad.

Santiryon sa a te gen yon sèvitè ki te espesyal anpil pou li. Sèvitè a te vin malad epi li ta pral mouri.

Lik 7:2

Santiryon an mande kèk lidè Jwif pou yo jwenn Jezi.

Malgre santiryon an pa te Jwif, li te tande pale de Jezi. Li te kwè ke Jezi te gen pouvwa pou fè gwo mirak. Li te voye kèk chèf Jwif mande Jezi pou Li vin geri sèvitè li a.

Lik 7:3–4

Kèk moun di Jezi pa ale lakay santiyon an.

Chèf yo pale Jezi konsènan santiryon an ak sèvitè li a. Yo di ke santiryon an te janti ak Jwif yo. Jezi te kòmanse mache nan direksyon kay santiyon an. Men, anvan Li te rive la, kèk zanmi santiryon an te kanpe Jezi. Yo te di Li pa antre nan kay la.

Lik 7:4–6

Moun yo di Jezi ke santiryon an pa santi li diy.

Zanmi yo te di ke santiryon an pa te santi li diy pou Jezi antre lakay li. Li te kwè ke Jezi te ka geri sèvitè li a menm lè Li byen lwen!

Lik 7:6–8

Jezi di ke santiryon an gen anpil lafwa.

Jezi te etone pa lafwa santiryon an. Li te di ke Li pa te wè gwo lafwa konsa.

Lik 7:9

Sèvitè santiryon an geri.

Lè zanmi santiryon an te tounen lakay li, sèvitè a te geri nèt. Jezi te geri li, egzakteman jan santiryon an te kwè Li te kapab la.

Lik 7:10