Lik 24:13–25
Jezi Konsole De disip
Yon pwomnad ansanm sou wout Emayis la
Jou Jezi te resisite a, te gen de disip ki t ap mache soti Jerizalèm pou ale nan yon vil yo rele Emayis. Yo te disip Jezi, epi yo te tris. Yo t ap pale youn ak lòt sou lanmò Jezi a ak sou lòt bagay ki te pase nan dènye jou sa yo.
Lik 24:13–14
Pandan yo t ap mache, Jezi te vini epi Li te mache avèk yo, men yo pa t konnen ke sete Jezi. Li te mande yo sou kisa yo t ap pale epi poukisa yo te parèt tris konsa.
Lik 24:15–17
Yo te etone dèske ke Li pa t konnen sa ki te pase. Yo te pale l de Jezi. Yo te espere ke li t ap vin Sovè yo, men Li te mouri.
Lik 24:18–21
Yo te di tou ke kèk fi te ale nan tonm Li a, men kò Jezi pa t la. Zanj yo te di medàm yo ke Jezi te vivan.
Lik 24:21–24
Lè sa a, Jezi te anseye yo sa ekriti yo te di konsènan Sovè a. Li te di ke pwofèt yo te anseye ke Sovè a t ap mouri epi li t ap leve ankò.
Lik 24:25–27
Lè yo te rive Emayis, li te kòmanse ta. De disip yo te envite Jezi rete avèk yo. Jezi te chita pou L manje avèk yo. Li pran pen, Li beni li, epi Li bay disip yo li. Nan moman sa a, yo te vin konnen ke sete Jezi. Toudenkou li te disparèt.
Lik 24:29–31
De disip yo te pale sou kijan yo te santi chalè nan kè yo pandan Jezi t ap anseye yo nan ekriti yo. Yo te kouri tounen Jerizalèm pou yo te kapab al di lòt disip yo ke yo te wè Jezi.
Lik 24:32–35