Lik 4:16–31
Jezi Temwaye de Misyon Li
Rejte nan Nazarèt
Jezi te ale Nazarèt, kote fanmi ak zanmi Li yo te rete. Sa sete plas kote Li te grandi. Nan jou Saba a, Li te ale nan sinagòg la, kote moun yo te ale pou etidye ekriti yo, epi adore Bondye.
Lik 4:16–17
Nan sinagòg la, Jezi te kanpe epi Li te li yon ekriti pwofèt Ezayi te ekri. Ekriti a te di yon jou yon Sovè tapral vini. Li tapral preche levanjil la pou pòv yo epi geri kè brize yo. Li tapral ede avèg yo ak moun ki blese yo.
Ezayi 61:1–2; Lik 4:17–19
Jezi fini li epi li te chita. Tout moun t ap gade Li Li te di yo ke nan jou sa a menm, ekriti Li te li a te akonpli. Li sete Sovè a.
Lik 4:21
Moun Nazarèt yo te sezi anpil pou sa Jezi te di a. Kijan Jezi te kapab Sovè a? Yo te panse Li sete jis pitit gason Mari ak Jozèf la, se pa Pitit Gason Bondye a. Pou yo, Li te sanble tankou yon moun òdinè.
Lik 4:22
Jezi te konnen pèp la te vle pou Li fè yon mirak pou pwouve ke Li sete Sovè a. Li te anseye ke mirak yo sete pou moun ki kwè, epi pafwa Bondye te fè mirak pou moun ki pa te fè pati Izrayèl paske yo te gen plis lafwa. Kèk moun nan sinagòg la te fache kont Jezi.
Lik 4:23–28
Yo te fòse li soti nan vil la epi monte sou tèt yon ti mòn. Yo te vle voye li jete anba ti mòn lan.
Lik 4:28–29
Men Jezi te ale lwen moun ki fache yo.
Lik 4:30
Paske yo pa te vle Li nan Nazarèt, Jezi te ale nan yon lòt vil pou anseye.
Lik 4:31–32