Travay 6–7
Etyèn Temwaye de Jezikri
Yon vanyan sèvitè bay lavi l pou temwayaj li
Legliz la t ap grandi byen vit. Li te vin pi difisil pou Apot yo pran swen tout manm yo.
Travay 6:1–2
Apot yo te deside rele sèt moun ki te ka ede yo. Yo te mande manm yo pou yo chache gason ki te saj epi ki ranpli ak Sentespri a.
Travay 6–3
Youn nan moun yo te chwazi yo sete Etyèn. Apot yo te ba li yon benediksyon. Etyèn te gen anpil lafwa epi l te fè gwo mirak pami moun yo.
Travay 6:5–8
Etyèn te anseye konsènan Jezikri avèk sajès epi avèk Lespri. Men dirijan sinagòg yo pa t renmen sa li t ap ansenye yo. Yo te di li t ap pale kont Moyiz ak kont Bondye. Yo mennen Etyèn devan granprèt la ak lòt dirijan.
Travay 6:9–15; 7:1
Figi Etyèn te sanble ak figi yon zanj. Li te raple dirijan yo ke Bondye te voye Moyiz pou sove Izrayelit yo, men yo pa t toujou suiv Moyiz. Etyèn te di ke Moyiz te tankou Jezikri. Bondye te voye Jezi pou sove pèp Li a, men dirijan yo pa t suiv Li. Dirijan yo te fache kont Etyèn.
Travay 7:20–43, 51–54
Ranpli ak Sentespri a, Etyèn te gade nan syèl la. Li te wè Jezikri kanpe bò kote Papa nou ki nan Syèl la.
Travay 7:55–56
Lè Etyèn te rakonte dirijan yo sa li te wè, yo te vin pi fache toujou. Yo te rele ak kòlè, epi yo te kenbe Etyèn. Apresa yo te trennen l soti nan vil la.
Travay 7:57
Yo te mete rad yo nan pye yon jèn gason ki te rele Sòl. Apresa, yo te voye wòch sou Etyèn pou yo te touye li. Sòl te dakò avèk sa yo t ap fè a. Etyèn te priye Li te mande Senyè a pou L te padone moun ki t ap fè l mal yo. Li te mande Senyè a tou pou l te resevwa lespri li nan syèl la.
Travay 7:59–60; 8:1