Istwa nan Ekriti yo
Li Resisite—JeziKri ranpòte viktwa sou lanmò pou nou tout.


Lik 24:1–12, 36–49; Jan / Jan 20

Li Resisite

JeziKri ranpòte viktwa sou lanmò pou nou tout.

Disip Jezi yo kite tonm Li a.

Disip Jezi yo te mete kò li nan tonm nan. Yo te vle fè plis pou yo te pran swen kò Li, men jou Saba a te prèt pou kòmanse. Yo te planifye pou yo tounen aprè Saba a pou fini travay la.

Lik 23:52–56

Mari Madlèn ak lòt moun yo retounen nan tonm nan.

Bonè nan maten nan twazyèm jou a apre lanmò Jezi a, Mari Madlèn ak lòt moun yo te ale nan tonm nan.

Lik 24:1; Jan 20:1

Kò Jezi a pa nan tonm nan.

Lè yo rive, yo wè ke wòch ki te kouvri tonm nan te woule sou kote. Yo te antre nan tonm nan, epi kò Jezi pa t la.

Lik 24:2–3; Jan 20:1

Mari te di Pyè ak Jan ke yon moun te pran kò Jezi a.

Mari kouri al di Pyè ak Jan ke yon moun te pran kò Jezi a. Pyè ak Jan kouri ale nan tonm nan.

Jan 20:2–4

Pyè ak Jan wè ke kò Jezi a pa nan tonm nan.

Lè yo rive nan tonm nan, Pyè ak Jan te antre ladan l. Yo wè ke kò Jezi a pa t la. Twal yo te vlope Li ladan l toujou te la.

Jan 20:5–7

Mari wè de zanj nan tonm nan.

Pyè ak Jan tounen lakay yo, men Mari te rete bò tonm nan ap kriye. Li gade anndan tonm nan epi li wè de zanj. Yo te mande li poukisa li t ap kriye. Li te di yon moun te pran kò Jezi a, epi li pa t konnen ki kote l te ye.

Jan 20:11–13

Jezi mande Mari poukisa l apkriye.

Aprè sa, Jezi te parèt, men Mari pa t konnen si se te Limenm. Jezi te mande li: “Madanm, poukisa w ap kriye?” Mari te panse ke sete jadinye a. Li te mande li si li konnen kote kò Jezi te ye.

Jan 20:14–15

Mari vire epi li wè Jezi

Jezi te di, Mari. Li vire fas li. Kounye a li te konnen ke se te Jezi! Li di l, "Mèt." Jezi te mande Li pou Li di lòt disip yo ke Li pral jwenn Papa Li ki nan Syèl la. Mari te jwenn lòt disip yo epi li te di yo ke li te wè Jezi e Li te vivan ankò!

Jan 20:16–18

Jezi parèt devan Apòt Li yo, epi Li pale ak yo.

Jou swa sa a, anpil nan apòt yo te reyini ansanm. Yo te fèmen pòt yo, paske yo te pè ke chèf jwif yo ta ka eseye jwenn yo. Toudenkou, yo te wè Jezi parèt kanpe nan mitan yo. Okòmansman yo te pè. Yo te panse li se te yon espri Jezi di yo: —Lapè avèk nou!

Lik 24:33–38; Jan 20:19

Youn nan apot yo pa t touche men Jezi.

Jezi mande lòt yo pou yo te vin manyen men l ak pye l. Li te vle yo konnen ke Li te gen yon kò, pa sèlman yon lespri. Li menm te manje pwason ak siwo myèl avèk yo. Disip yo te tèlman kontan wè Li!

Lik 24:39–44; Jan 20:20

Jezi anseye sou lanmò Li ak rezirèksyon Li.

Apre sa, Jezi te ede Apot Li yo konprann ekriti ki te anseye sou lanmò Li ak rezirèksyon L la. Li te vle yo anseye tout moun ke gras a Li, yo te ka repanti epi jwenn padon. Apot yo t ap vin temwen Li.

Lik 24:44–48

Toma ap pale avèk de lòt Apot yo.

Apot Tomas pa t la lè Jezi te parèt. Li te di li pa t ap kwè Jezi te vivan si l pa t ka wè mak klou yo nan men Li.

Jan 20:24–25

Jezi parèt ankò.

Uit jou aprè sa, disip yo te reyini ansanm. Jezi te parèt ankò. Fwa sa a Toma te la.

Jan 20:26

Toma tombe ajenou devan Jezi.

Jezi envite Toma manyen mak ki te nan men l yo ak nan bò kòt li yo. Li te di Toma: “Pa manke lafwa, men kwè.” Toma te di: “Senyè mwen ak Bondye mwen an." Kounye a, Toma te kwè Jezi te resisite. Jezi te di ke moun yo beni lè yo kwè, menm si yo pa wè Li.

Jan 20:27–29