Travay 10
Kònèy ak Zanmi Li yo Resevwa Sentespri a.
Levanjil la se pou tout moun.
Kònèy te yon dirijan sòlda Women yo. Limenm ak fanmi li te kwè nan Bondye, men yo pa t Jwif, epi yo pa t konnen Jezikri. Kònèy te pataje sa li te genyen avèk pòv yo epi li te priye Bondye souvan.
Travay 10:1–2
Yon aprèmidi, yon zanj te vin jwenn Kònèy pandan li t ap jene ak priye. Zanj lan te di: “Kònèy, yo tande priyè ou.” Bondye te wè bonte li. Zanj lan te di Kònèy pou al jwenn Apot Pyè ki te rete nan yon vil yo rele Jopa. Pyè ta pral di Kònèy sa pou l fè.
Travay 10:3–6, 30–32
Kònèy te di sèvitè l yo sa zanj lan te di a. Li te voye yo Jopa pou mande Pyè vin vizite li.
Travay 10:7–8
Nan Jopa, Pyè te sou do kay la ap lapriyè. Li te grangou, epi li tapral manje, lè toudenkou li wè yon vizyon.
Travay 10:9–10
Pyè te wè yon gwo dra ki t ap desann soti nan syèl la, chaje ak tout kalite bèt ak zwazo. Apresa, Pyè te tande yon vwa ki di li ta dwe manje bèt sa yo. Men, se te bèt ke Jwif yo pa t gen dwa manje. Lalwa Moyiz la te di yo pa pwòp. Pyè pa t vle manje yo.
Travay 10:11–14
Vwa a te di ke si Bondye te fè yon bagay pwòp, yo pa ta dwe di li pa pwòp. Vizyon an te repete twa fwa. Pyè te reflechi sou kisa li te vledi.
Travay 10:15–17
Lèsa a menm, Lespri a te di Pyè twa moun t ap chache li. Lespri a te di: Ale avèk yo, “paske Mwen te voye yo.”
Travay 10:16–21
Twa mesye yo sete sèvitè Kònèy yo. Yo te rakonte Pyè konsènan zanj Kònèy te wè a, epi yo te mande si Pyè ta vin ansenye li. Jwif anjeneral pa t antre lakay moun ki pa t Jwif, epi Apot yo pa t anseye yo levanjil la. Men, lè l te sonje vizyon li a, Pyè te deside ale.
Travay 10:22, 28
Lè Pyè te rive, Kònèy t ap tann li avèk anpil zanmi ak manm fanmi yo. Li te di Pyè yo te pare pou yo tande tou sa Bondye te kòmande l pou di yo.
Travay 10:26, 33
Kounye a, Pyè te konprann sa Bondye t ap ansenye li nan vizyon an. Pyè te di tout moun ke Bondye pa renmen yon nasyon oswa yon gwoup moun plis pase yon lòt. Bondye aksepte nenpòt moun ki swiv Li epi fè sa ki byen. Pyè te anseye Kònèy ak fanmi ak zanmi l yo konsènan Jezikri.
Travay 10:34–43
Pandan li t ap ansenye, Sentespri a te vin sou tout moun ki t ap tande. Pyè te envite yo batize nan non Jezikri. Pyè te aprann ke tout pitit Bondye yo byenveni nan Legliz Jezikri a. Levanjil Jezikri a te preche a tout moun.
Travay 10:44–48