Travay 9:36–42
Tabita, yon Fi “Chaje ak Bon Zèv”
Retounen nan lavi pa pouvwa Jezikri
Tabita te yon disip fidèl Jezikri. Li t ap viv nan yon vil bò lanmè a, yo te rele Jopa. Li te renmen sèvi ak ede moun ki te pòv yo.
Travay 9:36
Tabita te fè rad epi li te bay fi ki nan nesesite yo. Yo te renmen Tabita.
Travay 9:39
Yon jou, Tabita vin malad anpil. Li te tèlman malad li te mouri.
Travay 9:37
Lòt manm Legliz la nan Joppa te tris anpil. Yo te konnen Pyè, youn nan apot Jezi yo, te nan yon vil ki tou pre a. Yo te voye de mesye al mande Pyè pou kouri vin jwenn yo.
Travay 9:38
Pyè te vini kote kò Tabita te ye a. Gen kèk nan fi Tabitha te ede yo ki te la. Yo montre Pyè rad li te fè pou yo.
Travay 9:39
Pyè te mande tout moun yo pou yo te kite chanm nan. Li te mete ajenou epi li te priye.
Travay 9:40
Apre li te fin priye, Pyè te di: “Tabita, leve.” Li te louvre je li epi l te chita. Pyè te ede Tabita kanpe. Tabita te vivan ankò! Pyè te rele zanmi l yo vin wè li. Yo te sezi! Yo te konnen Li te retounen a lavi pa pouvwa Jezikri a. Piplis moun te vin kwè nan Li.
Travay 9:40–42