Lik 19:1–10
Zache, Kolektè Taks la
Li monte sou yon pyebwa pou l wè Jezi
Jezi te vizite lavil Jeriko. Yon nonm ki te rele Zache te rete la. Zache te yon kolektè taks ki te rich. Pifò moun pa t renmen kolektè taks yo. Yo te panse kolektè taks yo te pran twòp lajan nan men pèp la.
Lik 19:1–2
Zache tande ke Jezi te nan vil la. Li te vle aprann plis sou Li. Li te eseye ale wè Jezi, men li pa t kapab paske te gen anpil moun alantou Li, epi Zache te twò kout pou l te kapab wè pi wo pase yo. Kijan li ta fè pou l te wè Jezi?
Lik 19:3–4
Zache kouri devan epi li monte sou yon pyebwa pou li kapab wè Jezi. Lè Jezi pase, Li gade anlè epi Li wè Zache sou pyebwa a. Jezi rele non li epi Li di: “Vini, desann.” Jezi te vle vizite li lakay li. Zache kouri desann pyebwa a. Li te tèlman kontan pou Jezi te vini lakay li.
Lik 19:4–6
Moun nan Jeriko yo te mande tèt yo poukisa Jezi ta ale lakay Zache. Yo te panse Zache se te yon pechè paske li te yon kolektè taks.
Lik 19:7
Zache di Jezi, “Mwen bay mwatye nan byen mwen yo bay moun ki pòv yo." Li di ke si li te pran twòp lajan nan men yon moun, li ta va ba yo menm plis toujou. Jezi di Zache: “Jodi a delivrans vini nan kay sa a". Jezi di Li te vin pou chèche epi sove moun ki te pèdi yo.
Lik 19:6, 8–10