Istwa nan Ekriti yo
Jezi Nouri Dè Milye Moun—Li se Pen Lavi a


Matye 14:13–21; Jan 6

Jezi Nouri Dè Milye Moun

Li se Pen Lavi a

Jezi k ap pase tan poukont Li.

Jezi te dekouvri ke yo te touye Jan Batis. Li te ale yon kote byen lwen vil yo pou Li te ka pase yon ti tan poukont li.

Matye 14:13

Jezi k ap pale avèk yon gwoup moun.

Lè moun yo te tande kote Jezi te ale, yo te suiv Li. Jezi te wè yo, epi Li te santi lanmou pou yo. Li te pase tout jounen an ap beni ak geri yo.

Matye 14:13–14

Jezi mande Apot yo pou yo bay moun yo yon bagay pou yo manje.

Nan fen jounen an, moun yo te grangou anpil. Apot yo te panse Jezi ta dwe voye moun yo tounen nan vil yo pou yo al manje. Men, Jezi te vle yo rete. Li te mande Apòt yo pou yo bay moun yo yon bagay pou yo manje.

Matye 14:15–16

Andre jwenn yon ti gason ki gen yon ti kantite manje.

Apòt Andre te jwenn yon ti gason ki te gen senk pen won ak de ti pwason pou bay moun yo. Men te gen 5.000 gason, plis fi ak timoun, ki te bezwen manje. Kijan yo t ap kapab nouri tout moun sa yo avèk yon ti kal manje konsa?

Matye 14:17, 21; Jan 6:8–10

Jezi priye epi beni manje a.

Jezi te mande Apot yo pou yo pote manje a ba Li. Li te di moun yo pou yo chita sou gazon an. Apresa Jezi te di yon priyè pou remèsye Pè Selès la pou pen ak pwason an ak beni li. Apresa Li te kase pen an ak pwason an moso.

Matye 14:18–19; Jan 6:10–11

Apot yo te bay moun yo manje.

Jezi te mande Apot Li yo pou yo bay moun yo pen an ak pwason an. Tout moun te manje, vant tout moun te plen. Apre yo te fin manje, te gen 12 panye ki te plen rès manje toujou!

Matye 14:20; Jan 6:11–13

Moun yo retounen, vin chèche plis manje.

Nan denmen, moun yo te tounen epi jwenn Jezi ankò. Men, Jezi te konnen anpil ladan yo t ap suiv Li paske Li te ba yo manje. Jezi te raple yo ke manje dire sèlman yon ti tan. Li te gen yon pi bon bagay pou L ba yo.

Jan 6:14, 24–27

Jezi anseye ke Li se Pen Lavi a.

Jezi te di, “Mwen se pen ki bay lavi a.” Pen ban nou lavi sou latè. Men, Jezikri kapab ban nou lavi etènèl avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Jan 6:35–58

Moun yo fache pou sa Jezi ap anseye a.

Anpil moun pa te renmen sa Jezi t ap eseye anseye a. Yo te ale epi yo te deside pa suiv Jezi ankò.

Jan 6:60, 66

Pyè di Jezi ke Apot yo pap kite Li.

Lèsa a, Jezi te di Apòt Li yo, “Nou menm, nou pa vle ale tou?” Pyè te reponn, “Senyè, ki moun pou nou al jwenn? se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl yo.” Apot yo pa te ale. Yo te konnen ke Jezikri sete Sovè a ak Pitit Gason Bondye a.

Jan 6:67–69