Scripture Stories
Moyiz sou Mòn Sinayi


“Moyiz sou Mòn Sinayi,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Moyiz sou Mòn Sinayi,” Istwa Ansyen Testaman yo

Egzòd 19–2024; 31–34; Detewonòm 4–7

Moyiz sou Mòn Sinayi

Ap ede moun yo sonje Senyè a

Imaj
Mòn Sinayi

Moyiz ak Izrayelit yo te vwayaje travèse dezè a. Yo te rive sou yon montay ki rele Mòn Sinayi.

Egzòd 19:1

Imaj
Moyiz ap priye

Moyiz te grenpe montay lan pou l t al pale avèk Senyè a. Senyè a te di Moyiz ke Li te vle pale avèk Izrayelit yo fasafas.

Egzòd 19:3, 9–11

Imaj
nyaj ki antoure montay

Izrayelit yo te vini nan pye Mòn Sinayi a, epi Senyè a te fè yon nyaj lafimen antoure montay lan. Senyè a te nan nyaj la. Li te pale avèk Izrayelit yo epi L te ba yo kòmandman. Montay lan te souke pandan Li t ap pale a.

Egzòd 19:16–19; 20:1–17; Detewonòm 4:12–13, 33; 5:4–5

Imaj
Izrayelit yo pè

Izrayelit yo te pè. Yo te mande Moyiz pou l te pale avèk Senyè a epi apresa pou Moyiz te di yo kisa Senyè a te vle.

Egzòd 20:18–19

Imaj
Ansyen Izrayelit yo sou montay lan

Moyiz te mennen Aawon ak 70 ansyen Izrayelit sou montay lan pou yo te resevwa plis nan ansèyman Senyè a. Senyè a te parèt devan yo.

Egzòd 24:1, 9–11

Imaj
Senyè a kap ekri sou tablèt yo pou Moyiz

Apresa Senyè a te di Moyiz pou l te kite ansyen yo epi monte pi wo toujou sou montay lan. Moyiz te obeyi. Senyè a te itilize dwèt Li pou L te ekri lwa ak kòmandman L yo sou tablèt wòch. Pandan 40 jou, Senyè a te anseye Moyiz anpil bagay.

Egzòd 24:12–18; 31:18

Imaj
Izrayelit yo ap fè yon bèf lò

Pandan Moyiz te sou Mòn Sinayi a, pèp Izrayèl la te fatige rete tann ni. Yo te di Aawon pou l te fè estati pou yo te ka adore tankou yo te konn fè nan Ejip. Aawon te rasanble tout lò yo epi yo te fè estati yon bèf.

Egzòd 32:1–4

Imaj
Izrayelit yo ap adore bèf lò a

Izrayelit yo te adore bèf lò a epi ofri sakrifis. Yo te di sete bèf lò a, men se pa Senyè a, ki te libere yo soti an Ejip.

Egzòd 32:4–6, 21–24

Imaj
Moyiz desann sou montay lan

Senyè a te konnen Izrayelit yo t ap adore yon idòl epi yo te bliye L. Li te kòmande Moyiz pou l te retounen epi di pèp la pou yo repanti.

Egzòd 32:7–10

Imaj
Moyiz ap pale avèk Izrayelit yo, bèf lò a detwi

Moyiz te desann soti sou Mòn Sinayi a epi l te wè Izrayelit yo ki t ap adore bèf lò a. Li te fache anpil. Pèp la pa t pare pou yo te obeyi lwa ak kòmandman Senyè a te ekri yo. Moyiz te kraze tablèt yo epi l te detwi bèf lò a. Li te ede Izrayelit yo repanti ak sonje vrè Bondye yo a.

Egzòd 32:15–20, 25–29

Imaj
Moyiz ap priye

Moyiz te mande Senyè a pou L te padone Izrayelit yo epi fè pwomès avèk yo ankò. Moyiz te pwomèt pou l te dirije ak anseye yo.

Egzòd 32:30–34

Imaj
Moyiz avèk Tablèt Diz Kòmandman yo

Senyè a te mande Moyiz pou l te kreye nouvo tablèt wòch epi retounen sou Mòn Sinayi a. Senyè a te fè yon nouvo pwomès avèk Izrayelit yo epi L te ba yo Dis Kòmandman L yo.

Egzò 20:2–17; 34:1–17, 28; Detewonòm 6:24–25; 7:12–13