Scripture Stories
Chadrak, Mechak, ak Abèdnego


“Chadrak, Mechak, and Abèdnego,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Chadrak, Mechak, and Abèdnego,” Istwa Ansyen Testaman yo

Danyèl 1; 3

Chadrak, Mechak, ak Abèdnego

Yon eprèv lafwa danjere

Imaj
Wa Nebikadneza ak estati annò a

Wa Nebikadneza te bati yon estati jeyan annò epi li te fòse pèp la pou yo te adore l. Si yo te refize, yo t ap lage yo nan yon founèz dife.

Danyèl 1:6–7; 3:1–6

Imaj
Chadrak, Mechak, ak Abèdnego

Zanmi Danyèl yo, Chadrak, Mechak, ak Abednego te renmen Bondye epi yo pa t vle adore fo bondye wa a. Wa a te ankòlè kont yo.

Danyèl 3:6–15

Imaj
Chadrak, Mechak, ak Abednego k ap pale avèk wa a

Twa zanmi yo te di wa a se Bondye sèl yo t ap adore. Yo te kwè ke Bondye te ka pwoteje yo. Men menmsi Li pa t sove yo, yo t ap defann sa yo te kwè.

Danyèl 3:15–18

Imaj
Twa mesye yo ak yon zanj nan dife a

Wa a te fache anpil kont Chadrak, Mechak, ak Abèdnego. Li te fè lage yo nan founèz dife a. Men lè wa a te gade nan founèz la, li te sezi wè yon èt selès nan dife a avèk twa mesye yo. Dife a pa t boule yo.

Danyèl 3:19–25

Imaj
Twa mesye yo te soti nan dife a

Wa a te rele Chadrak, Mechak, ak Abèdnego, epi yo te mache soti nan founèz la. Dife a pa t boule yo ni menm boule rad yo.

Danyèl 3:26–27

Imaj
Chadrak, Mechak, ak Abednego ki ap pale avèk wa a

Chadrak, Mechak, ak Abèdnego te obeyi kòmandman Bondye yo, menm lè lavi yo te an danje. Egzanp yo a te ede wa a kwè nan Bondye.

Danyèl 3:28–29