“Eli ak Prèt Baal yo,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Eli ak Prèt Baal yo,” Istwa Ansyen Testaman yo
1 Wa 18
Eli ak Prèt Baal yo
Pwofèt Senyè a kont fo prèt yo
Wayom Izrayèl la te kontinye soufri paske yo pa t gen dlo. Wa Ahab te di pèp la pou yo te suiv yon fo bondye ki te rele Baal.
1 Wa 18:1–2, 17–18
Senyè a te voye pwofèt Eli al rankontre Ahab. Eli te envite tout pèp la sou tèt yon mòn. Li te envite wa a ak prèt li yo nan yon defi pou yo te wè si sete Senyè a oswa Baal ki te vrè Bondye a.
1 Wa 18:19–21
Eli te eksplike defi a. Limenm ak prèt yo t ap sakrifye yon towo bèf sou yon lotèl, men yo pa t ap limenm dife a yomenm. Olyedesa, prèt yo t ap priye pou Baal limen dife a. Apresa Eli t ap priye pou Senyè a limen dife a. Eli te konnen sete sèl vrè Bondye a ki t ap ka limen dife a.
1 Wa 18:22–25
Prèt Baal yo te priye bondye yo a soti nan maten rive jis a midi, men anyen pa t pase. Eli te pase yo nan rizib epi l te di ke bondye yo a, Baal, dwe t ap dòmi.
1 Wa 18:26–27
Prèt yo te kòmanse fache, yo t ap ponpe sou lotèl la, e yo te rele byen fò rive jis aswè. Yo te gen espwa bondye yo a t ap reponn, men te toujou pa t gen dife.
1 Wa 18:28–29
Apresa sete tou pa Eli. Li te bati yon lotèl pou Senyè a, li te fouye yon kanal alantou lotèl la, epi li te prepare sakrifis la.
1 Wa 18:30–32
Eli te mande pèp la pou l te ranpli kat barik dlo epi vide yo sou bwa ki te sou lotèl la pandan twa fwa. Dlo a te nwaye bwa yo ak lotèl la. Li te plen tout kanal la.
1 Wa 18:33–37
Eli te priye Senyè a pou l te montre vrè pouvwa Bondye. Dife Senyè a te desann epi li te boule sakrifis la, bwa yo, wòch yo, ak dlo a. Pèp la te konnen Bondye Eli a sete vrè Bondye a. Eli te priye pou sechrès la te fini, epi Senyè a te voye lapli.
1 Wa 18:38–41