“Jòb,” Istwa Ansyen Testaman yo (2021)
“Jòb,” Istwa Ansyen Testaman yo
Jòb 1–3; 19; 38–42
Jòb
Mete konfyans nan lanmou Senyè a
Jòb sete yon bon gason ki te renmen Senyè a epi ki te respekte kòmandman L yo. Limenm ak madanm ni te gen 10 pitit, epi li te gen anpil twoupo bèt ak anpil richès.
Jòb 1:1–5
Senyè a te pèmèt lafwa Jòb pase anba tès. Jòb te fè eksperyans bagay ki te rèd anpil.
Jòb 1:6–12
Yon jou yo te vòlè anpil nan bèt Jòb yo. Nan apre, yon dife te boule tout sa Jòb te posede ak touye tout sèvitè l yo ak lòt bèt yo. Apresa yon tanpèt te kraze kay Jòb. Pitit Jòb yo te andedan kay la, epi yo tout te mouri. Jòb ak madanm ni pa t rete anyen ankò sof sante yo.
Jòb 1:13–19
Jòb ak madanm ni te tris. Yo te pèdi tout bagay, menm pitit yo. Men, Jòb te toujou gen lafwa nan Senyè a. Li pa t blame Senyè a pou sa k te pase yo.
Jòb 1:20–22
Apresa Jòb te vin malad anpil. Bouton maleng te kouvri tout kò li. Jòb ak madanm ni te mande poukisa tout bagay sa yo te rive yo.
Jòb 2:7–9; 3:1–11
Senyè a te pale avèk Jòb epi Li te montre l tè a, etwal yo, ak tout bagay vivan yo. Senyè a te anseye Jòb yon leson enpòtan. Tout bagay te kreye pou ede pitit Papa nou ki nan Syèl la yo aprann konsènan Pitit Gason L lan, Jezikri, ak suiv Li.
Jòb 38–41
Jòb te repanti epi l te mande Senyè a pou padone l paske li te doute. Li te pwomèt pou l te fè Senyè a konfyans. Senyè a te konnen Jòb te renmen Li. Li te geri Jòb epi Li te beni li avèk plis pitit ak de fwa plis richès pase sa l te posede avan an.
Jòb 19:25–26; 42