Scripture Stories
Pwofèt Samyèl


“Pwofèt Samyèl,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Pwofèt Samyèl,” Istwa Ansyen Testaman yo

1 Samyèl 2–3

Pwofèt Samyèl

Yon gason Senyè a te aple

Imaj
Eli k ap pale avèk mesye yo

Pou yon bon bout tan, Izrayelit yo pa t gen pwofèt Senyè a pou te dirije yo. Olye sa, pandan anpli ane, sete jij ki te dirije nan Izrayèl. Pandan tan sa a, Ana te mennen ti pitit gason l lan, Samyèl, pou l te vin viv avèk Eli, prèt ak jij Izrayèl la. Samyèl te konn ede Eli ale nan tanp la.

1 Samyèl 2:11, 18, 26; 3:1

Imaj
Pitit Eli yo k ap vòlè

De pitit Eli yo t ap travay nan tanp la tou, men yo te konn vòlè ofrann moun te konn bay pou Senyè a. Kèk moun te pote plent bay Eli, men Eli pa t pini yo.

1 Samyèl 2:12–17, 22–23

Imaj
Samyèl

Yon jou swa, Samyèl te tande yon vwa rele li. Li te panse sete Eli, konsa, Samyèl t al jwen ni. Men Eli pa t rele li. Eli te di Samyèl pou l te retounen al nan kabann ni.

1 Samyèl 3:3-5

Imaj
Samyèl ap pale avèk Eli

Samyèl te tande vwa a rele l yon dezyèm fwa. Li t al jwen Eli epi li te mande l kisa l te vle. Men Eli pa t rele li. Eli te di Samyèl pou l t al domi.

1 Samyèl 3:6

Imaj
Eli ap pale avèk Samyèl

Samyèl te tande vwa a rele l yon twazyèm fwa. Li t al jwen Eli ankò epi li te mande l kisa l te vle. Fwa sa a, Eli te rekonèt sete Senyè a ki t ap pale avèk Samyèl. Eli te di Samyèl pou l te retounen al nan kabann ni. Eli te di li si Senyè a te rele l ankò, Samyèl ta dwe koute .

1 Samyèl 3:8-9

Imaj
Samyèl ap pale avèk Bondye

Samyèl te tande vwa a rele l ankò. Fwa sa a Samyèl te mande Senyè a pou L te pale epi li te di li t ap koute. Senyè a te di Samyèl li pa t bon pou Eli te kite pitit gason malveyan l yo sèvi nan tanp la. Fanmi Eli pa t ap gen dwa sèvi nan tanp la ankò.

1 Samyèl 3:10-14

Imaj
Samyèl avèk Eli k ap pale

Jou apre a, Eli te mande Samyèl sa Senyè a te di l. Samyèl te rakonte li. Eli te konnen sete Senyè a ki t ap pale atravè Samyèl.

1 Samyèl 3:15-18

Imaj
Samyèl ap gade moun yo

Nouvèl la te simaye nan tout peyi Izrayèl la. Moun yo te konnen Senyè a te chwazi Samyèl pou l te vin pwofèt Li.

1 Samyèl 3:19-20