“Danyèl ak Twou Lyon an,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Danyèl ak Twou Lyon an,” Istwa Ansyen Testaman yo
Danyèl 6
Danyèl ak Twou Lyon an
Kouraj yon moun pou l priye
Dariyis te vin chèf peyi Babylon. Li te renmen Danyèl epi li te vle fè l chèf sou tout wayòm nan. Kèk nan nonm saj wa yo te fè jalouzi.
Danyèl 6:1– 4
Nonm saj yo te konnen Danyèl te konn priye Bondye, konsa, yo te fè konplo pou te fè wa a pase yon nouvo lwa. Nenpòt moun ki lapriyè nan pye Bondye, se pou yo lage l nan twou lyon yo.
Danyèl 6:5– 9
Danyèl te chwazi priye Bondye kanmenm. Nonm saj wa yo te wè Danyèl ki t ap priye epi yo t al di wa a Danyèl pa t respekte nouvo lwa a. Se lè sa a wa a te reyalize ke nonm saj li yo te twonpe li. Li te chèche yon mwayen pou l te sove Danyèl, men wa a te oblije suiv pwòp lwa l te dekrete a.
Danyèl 6:10–15
Yo te lage Danyèl nan twou kote lyon yo te ye a. Wa a te pase nuit la san l pa t dòmi, li te jene pou Danyèl te ka pwoteje.
Danyèl 6:16–18
Nan demen granmaten, wa a te kouri al bò twou lyon an. Li te rele Danyèl pou l te wè si l te vivan toujou. Danyèl te reponn li! Li te di wa a Bondye te voye zanj Li fèmen bouch lyon yo. Lyon yo pa t fè l anyen.
Danyèl 6:19–23
Wa a te kontan dèske Danyèl te sove. Li te pini nonm saj yo ki te pran l nan pyèj yo, epi li te retire lwa a. Li te anseye tout moun nan wayòm ni an sou pouvwa ak bonte Bondye.
Danyèl 6:23–27