“Noe avèk Fanmi Li,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Noe avèk Fanmi Li,” Istwa Ansyen Testaman yo
Jenèz 6–9; Moyiz 8
Noe avèk Fanmi Li
Yon lach, yon inondasyon, ak pwomès Senyè a
Noe ak fanmi li te obeyi Bondye. Tout rès moun yo te mechan anpil. Senyè a te di Noe yon inondasyon ta pral kouvri tout tè a si moun yo pa t repanti.
Jenèz 6:5–13; Moyiz 8:13-17
Noe te anseye moun yo Bondye renmen yo epi Li vle pou yo repanti epi pou yo gen lafwa nan Jezikri. Yo pa t koute.
Noe te tris dèske moun yo pa t vle repanti. Senyè a te di Noe pou l te bati yon gwo batiman yo rele lach. Lach la t ap kenbe fanmi Noe an sekirite pandan inondasyon an.
Jenèz 6:14-18; Moyiz 8:25
Fanmi Noe te pote manje nan lach la. Senyè a te voye omwen yon pè nan chak kalite bèt al jwenn Noe. Bèt yo te rantre nan lach la, epi sèt jou apre li te kòmanse fè lapli.
Jenèz 6:18-22; 7:1–9
Jan Senyè a te di a, li te fè lapli pandan 40 jou ak 40 nuit. Yon inondasyon te kouvri tè a.
Jenèz 7:6-23
Fanmi Noe ansanm ak tout bèt ki te nan lach la te flote sou dlo a san danje.
Jenèz 7:24; 8:1–3
Lè inondasyon an te fini, lach la te ateri sou tè sèch. Noe avèk fanmi li te bati yon lotèl pou yo te adore Senyè a epi pou yo te remèsye Li pou pwoteksyon Li te ba yo. Senyè a te pwomèt Li pa p janm inonde latè ankò. Li te voye yon lakansyèl pou fè yo sonje pwomès Li.
Jenèz 8:13-22; 9:8–17