Scripture Stories
Danyèl ak Rèv Wa a


“Danyèl ak Rèv Wa a,” Istwa Ansyen Testaman (2022)

“Danyèl ak Rèv Wa a,” Istwa Ansyen Testaman

Danyèl 2

Danyèl ak Rèv Wa a

Bondye voye yon mesaj misterye bay yon wa.

Imaj
wa a ap reve

Wa Babylòn nan te fè yon rèv ki te twouble li. Li te mande prèt li yo ak saj li yo pou yo te rakonte l sa rèv la te vledi.

Danyèl 2:1–3

Imaj
wa a ap panse

Wa a pa t vle rakonte yo rèv la. Li te di si prèt yo ak mesye saj yo te gen pouvwa reyèlman, yo t ap kapab di l ki rèv li te fè ak kisa rèv la te vledi.

Danyèl 2:4–9

Imaj
Wa a bani saj yo

Prèt yo ak saj yo te di wa a yo pa t kapab entèprete rèv li a si li pa t rakonte yo sa l te ye. Yo te di pèsonn moun pa t ka fè sa. Wa a te fache epi li te di li ta pral touye tout saj ki nan wayom nan, ansanm ak Danyèl ak zanmi l yo.

Danyèl 2:10–13

Imaj
Danyèl ap pale avèk yon sòlda

Lè gad wa a te vin pran Danyèl ak zanmi l yo, Danyèl te mande plis tan pou l te ka rakonte wa a sa rèv li a te vledi. Danyèl te konnen Bondye konn tout bagay e Li wè tout bagay, menm rèv. Danyèl te mande zanmi l yo pou yo te priye avèk li.

Danyèl 2:14–18

Imaj
Danyèl ap priye

Bondye te montre Danyèl rèv wa a nan yon vizyon epi li te anseye Danyèl kisa l te vledi. Danyèl te remèsye Bondye paske li te reponn priyè limenm ak zanmi l yo epi paske li te sove lavi yo. Apresa li te ale rakonte wa a sa rèv la te vledi.

Danyèl 2:19–25

Imaj
Danyèl ap pale avèk wa a

Danyèl te di rèv wa a sete konsènan yon estati jeyan yon wòch ki te koupe soti nan yon mòn te detwi. Estati a te reprezante wayom yo sou tè a. Wòch ki koupe soti nan mòn nan te reprezante wayom Bondye a ki t ap gen pou l ranpli tè a. Wa a te konnen Danyèl te di laverite.

Danyèl 2:26–49