Scripture Stories
Pwofèt Elize


“Pwofèt Elize,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Pwofèt Elize,” Istwa Ansyen Testaman yo

2- Wa 2;-4

Pwofèt Elize

Mirak Senyè a

Imaj
Eli ki ap pale avèk Elize

Atravè pwofèt Eli, Senyè a te prepare Elize pou l te vin pwochen pwofèt la. Epi Senyè a te fè Eli monte nan syèl la.

2 Wa 2:1–15

Imaj
yon fi ki ap vide luil

Senyè a te ede Elize fè anpil mirak. Yon jou Elize te beni luil yon fi ki te pòv pou luil la te ranpli anpil po. Apre sa, fi a te vann luil la pou l te peye dèt li.

2 Wa 4:1–7

Imaj
Elize ki ap pale avèk fanmi l

Yon lòt fwa, yon fi ki te fidèl te sèvi Elize epi li te trè janti avèk li. Elize te mande l kisa l te kapab fè pou sèvi li. Fi a te anvi gen yon pitit. Elize te beni l ansanm ak mari l pou yo te gen yon pitit gason.

2 Wa 4:8–17

Imaj
fanmi an k ap selebre

Men apre kèk ane, pitit gason an te vin malad epi li te mouri. Fi a t al chèche Elize paske li te gen lafwa ke Elize t ap kapab sove pitit gason l lan. Elize te vini epi li te beni tigason an, epi li te reviv ankò. Senyè a te ede Elize fè anpil mirak. Li sete yon gran pwofèt Senyè a.

2 Wa 4:18–37