Scripture Stories
Tou Babèl la


“Tou Babèl la ,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Tou Babèl la ,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 11

Tou Babèl la

Moun k ap eseye konstwi yon wout pou al nan syèl la

Imaj
moun mechan

Apre delij la, moun yo te kòmanse ap dezobeyi Bondye. Kèk nan yo pa t kwè nan plan Bondye a. San mande Bondye, yo te kòmanse konstwi yon tou pou yo te eseye rive nan syèl la. Sete yon fo tanp ki te rele Tou Babèl.

Jenèz 11:4, 9

Imaj
moun k ap konstwi yon tou

Bondye pa t kontan dèske moun yo t ap konstwi tou a. Li te chanje lang yo pou youn pa t ka konprann lòt ankò. Paske yo youn pa t ka konprann lòt, yo te oblije sispann konstwi tou a.

Jenèz 11:6–8; Etè 1:33

Imaj
moun k ap pati

Bondye te gaye moun yo epi voye yo tout kote sou tè a pou yo te viv.

Jenèz 11:9