Scripture Stories
Neemi


“Neemi,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Neemi,” Istwa Ansyen Testaman yo

Neemi 1–246

Neemi

Rekonstriksyon miray la nan Jerizalèm

Imaj
Wa Neemi, k ap gade

Neemi sete yon Juif ki te viv nan peyi Perse. Li sete sèvitè konfyans wa a. Yon jou Neemi te tande ke Juif nan Jerizalèm yo t ap soufri. Miray ki te pwoteje Jeziralèm yo te detwi epi yo pa t janm rebati. Jerizalèm te an danje. Neemi te jene ak priye pou èd Senyè a.

Neemi 1

Imaj
wa a k ap pale avèk Neemi konsènan miray

Wa a te mande Neemi poukisa li te tris konsa. Li te pale wa a de danje nan Jerizalèm nan. Wa a te di li te ka ede. Neemi te mande pou l t ale Jerizalèm epi rebati miray la. Wa a te fè Neemi vin yon dirijan epi l te ba li tout materyèl li te bezwen.

Neemi 2:2–8

Imaj
Neemi k ap bati miray, lènmi yo ap gade

Neemi ak Juif yo te kòmanse rekonstwi miray Jerizalèm yo. Men lènmi yo te pase yo nan betiz epi yo te eseye fè yo sispann.

Neemi 2:17–20

Imaj
moun k ap moke Neemi

Lènmi yo te eseye twonpe Neemi pou yo te fè l kite vil la. Men Neemi pa t deplase. Li te fè Senyè a konfyans. Li t ap fè yon gran travay.

Neemi 6:2–4

Imaj
Neemi kanpe sou yon miray ki fini an

Neemi te di pèp li a pou yo pa t pè. Yo te plase gad sou miray la pou te kenbe l an sekirite. Juif yo te kontinye konstwi miray la. Senyè a te bay Juif yo fòs, epi yo te fini miray la nan 52 jou. Jerizalèm te an sekirite ankò.

Neemi 4:6–15; 6:5–9, 15–16