“Lame Jedeyon an,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Lame Jedeyon an,” Istwa Ansyen Testaman yo
Jij 6–7
Lame Jedeyon an
Fè Senyè a konfyans nan batay
Pèp Izrayèl la te beni pandan anpil ane. Men apresa, yo te chwazi pou yo te dezobeyi Senyè a. Pou te ede yo sonje L, Senyè a te kite Medyanit yo pran manje yo ak bèt yo. Izrayelit yo te anba grangou, konsa, yo te sonje Senyè a epi yo te priye L pou èd.
Jij 6:1–7
Jedeyon sete yon mesye ki te soti nan yon fanmi ki te pòv. Senyè a te voye yon zanj pou te aple l pou l te libere Izrayèl. Jedeyon te mande tèt li poukisa Senyè a te chwazi l.
Jij 6:11–15
Senyè a te di Jedeyon pou l te detwi kote Izrayelit yo te konn adore fodye yo. Lè Jedeyon te obeyi, pèp la te fache.
Jij 6:25–27
Izrayelit yo te vle touye Jedeyon. Men, papa Jedeyon te konvenk yo pou yo pa t touye l. Jedeyon te rete an sekirite.
Jij 6:28–32
Jedeyon pa t panse li te ka libere Izrayèl. Te gen plis pase 135.000 sòlda nan lame Medyanit la. Men, Senyè a te bay Jedeyon sajès ak fòs.
Jij 6:13–16; 8:10
Senyè a te vle Izrayelit yo konnen ke yo te ka gen laviktwa avèk fòs Li, men, pa avèk fòs pa yo. Malgre Izrayèl yo te sèlman gen 32.000 sòlda, Senyè a te mande Jedeyon pou l te voye tout sòlda ki te pè yo lakay yo. Apre 22.000 t al lakay yo, Izrayelit yo te rete avèk 10.000 sòlda.
Jij 7:2–3
Senyè a te di konsa, 10.000 te toujou twòp sòlda. Li te di Jedeyon pou l te desann nan dlo a avèk lame a. Pou l te voye moun ki te bwè dlo dirèkteman avèk bouch yo al lakay yo. Moun ki te itilize men yo pou yo te bwè dlo a te ka rete. Kounyea, sèlman 300 zòm te rete.
Jij 7:4–7
Finalman, Izrayelit yo te prepare pou batay. Senyè a te montre Jedeyon kòman pou l te gen viktwa sou Medyanit yo. Jedeyon te di lame l la pou yo te itilize twonpèt ak lanp pou te fè yo pè. Bri a ak limyè a yo te sitèlman bay Medyanit yo konfizyon ke yonn te kòmanse goumen ak lòt. Apresa, yo te rele epi yo te pete kouri.
Jij 7:16–22
Paske Jedeyon te mete konfyans nan Senyè a, Izrayelit yo te bat yon gwo lame Medyanit avèk sèlman 300 sòlda. Senyè a te libere pèp Izrayèl la.
Jij 7:23–25