“Pwofèt Ezayi,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Pwofèt Ezayi,” Istwa Ansyen Testaman yo
Ezayi 6–7; 9; 53–54
Pwofèt Ezayi
Pwofesi konsènan Senyè Jezikri
Izrayelit yo te sou lokipasyon anpil fwa epi yo te bezwen Senyè a pwoteje yo. Yon jou nan tanp la, Senyè a te aple yon mesye ki te rele Ezayi pou l te preche pèp la konsènan Jezikri ki t ap vini an. Ezayi te renmen pèp la epi l te anseye yo sou fason Kris la t ap vin sove yo.
Ezayi 6:1–8
Ezayi te aprann ke Jezikri t ap vini yon jou pou sove pèp Li a anba peche. Men, se pa tout moun ki t ap rekonèt Li kòm Sovè yo. Ezayi te tris paske l te konnen anpil moun pa t ap kwè nan Jezikri.
Ezayi 6:9–13; 7:14; 53:1–9
Men, Ezayi te pwofetize konsènan Dezyèm Vini Jezikri a tou. Jezikri t ap retounen epi L t ap Wa tout tè a. Li t ap retounen ankò pou L akonpli plan Papa Li a, pou L pote bonte ak lapè pou tout tan. Ezayi te di, chak moun ta pral konnen Jezikri se Sovè yo.
Ezayi 9:6–7; 54:1–10