“Deborah, Pwofetès la,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Deborah, Pwofetès la” Istwa Ansyen Testaman yo
Jij 4–5
Deborah, Pwofetès la
Yon dirijan ki te ede Izrayèl fè Senyè a konfyans
Deborah sete yon pwofetès, yon dirijant Izrayelit ki te fidèl, ke Senyè a te enspire. Pèp li a te sispann kenbe kòmandman Senyè a te bay yo, epi Kananeyen yo te vin dirije yo. Apre ventan, Izrayelit yo te kòmanse priye Senyè a pou L te ede yo.
Jij 4:1–15
Senyè a te tande priyè yo. Li te di Deborah pou l te rasanble yon lame Izrayelit pou t al goumen avèk Kananeyen yo.
Jij 4:6
Lame Kananeyen an te gen anpil sòlda ak charyo. Sa te fè lame Izrayèl la pè, men, Deborah pa t pè. Li te konnen Senyè a t ap ede yo.
Jij 4:3, 7
Barak sete dirijan lame Izrayelit yo. Li pa t vle batay. Men, li te panse si Deborah ale avèk lame a, Senyè a t ap pwoteje yo. Deborah te dakò pou l te ale. Li te pwofetize ke yon fi ta pral gen viktwa sou Sisera, dirijan lame Kananeyit la.
Jij 4:8–9
Lame Izrayèl la te rasanble sou yon mòn, epi Kananeyen yo te rasanble nan yon vale. Debora te di Barak pou l te desann sou mòn nan. Li te pwomèt Senyè a t ap avèk yo.
Jij 4:12–14
Senyè a te voye lapli, epi charyo Kananeyen yo te bale anba dlo. Anpil Kananeyen te nwaye nan rivyè a, men, Sisera te kouri.
Jij 4:15, 17; 5:4–5, 19–22
Yon fi ki te rele Jayèl te abite nan yon tant tou pre a. Li te wè Sisera k ap kouri epi l te di l vin kache nan tant li a. Jayèl te konnen ke l sete yon dirijan lame Kananeyen an la epi l te touye l pou l pa t frape plis moun.
Jij 4:15–21
Pwofesi Deborah a te akonpli. Yon fi ewoyik te gen viktwa sou Sisera. Debora te chante yon chan pou te raple Izrayelit yo pou yo te sonje kòman Senyè a te delivre yo. Izrayelit yo te kenbe kòmandman yo epi yo te viv anpè pou 40 tan.
Jij 5:1, 24–27, 31