“Aga,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Aga,” Istwa Ansyen Testaman yo
Jenèz 16
Aga
Plan Senyè a pou pitit fi Li
Aga sete sèvant Sara. Sara te granmoun epi li pa t gen pitit. Li te di mari li, Abraram. pou l te marye avèk Aga pou yo te ka fè yon pitit. Abraram ak Aga te marye, epi yon ti tan apre Aga ta pral gen yon tibebe.
Jenèz 16:1–3
Aga ak Sara te kòmanse pa janti youn ak lòt. Aga te chwazi sove ale nan dezè a.
Jenèz 16:4–6
Pandan Aga t ap vwayaje, li te vin fatige ak swaf anpil. Finalman, li te rive yon kote ki te gen dlo epi l te repoze la.
Jenè 16:7
Senyè a te konnen pwoblèm Aga epi L gen yon plan pou te ede li. Li te voye yon zanj di l pou l te retounen al jwenn Abraram ak Sara. Li te pwomèt Aga ke fanmi l t ap grandi. Li te di bebe a li ta pral fè a sete yon tigason epi li ta dwe rele l Izmayèl.
Jenèz 16:7–14
Aga te fè Senyè a konfyans epi l te obeyi zanj lan. Li te retounen al jwenn Abraram ak Sara. Aga te fè yon pitit gason, epi li te rele l Izmayèl. Aga te konnen Senyè a t ap veye sou li.
Jenèz 16:11, 15