Scripture Stories
Abraram ak Sara


“Abraram ak Sara,” Istwa Ansyen Testaman yo (2021)

“Abraram ak Sara,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 11–15; 17; Abraram 1–2

Abraram ak Sara

Yon pwomès pou beni fanmi imen an

Imaj
Zanj sove Abraram anba men prèt yo

Abraram t ap viv nan vil Ur. Gran prèt mechan yo nan kote sa a te vle sakrifye li bay idòl yo. Abraram te priye, epi Senyè a te sove l.

Abraram 1:1–20

Imaj
Abraram ak Sara vwayaje sou chamo

Apresa Senyè a te kòmande Abraram ak mandanm ni, Sara pou yo te kite Ur epi vwayaje al nan yon peyi byen lwen. Li te pwomèt pou yo ke L t ap beni yo pandan vwayaj la.

Jenèz 12:1–3; Abraram 2:2–4

Imaj
Abraram ak Sara k ap pran swen mouton.

Abraram ak Sara te gen konfyans nan Senyè a epi yo te kite Ur. Men, yo te santi yo tris paske yo pa t kapab fè pitit. Senyè a te rekonfòte yo. Li te pwomèt ke yo t ap gen yon pitit.

Jenèz 11:30–31; 15:1–6; 17:2–16; Abraram 2:6–9

Imaj
Bondye parèt devan Abraram

Abraram te priye Senyè a pou l te aprann plis konsènan Li. Senyè a te vizite Abraram epi li te rele tèt Li Jewova. Jewova te fè yon alyans avèk Abraram. Li te pwomèt ke Abraram t ap gen prètriz la. Li te pwomèt tou ke atravè fanmi Abraram, tout fanmi sou tè a t ap beni.

Abraram 2:6–11

Imaj
Abraram ak Sara vwayaje avèk chamo.

Pandan Abraram ak Sara t ap vwayaje a, yo te oblije chèche jwenn manje. Yo te eseye viv nan yon peyi ki te rele Kanaan. Pa t gen manje nan kote sa a, konsa, yo te oblije ale an Ejip. Men, viv an Ejip te danjere pou yo.

Jenèz 12:10–20; Abraram 2:21–25

Imaj
Abraram ak Sara ap gade bèt

Abraram ak Sara te kite Ejip epi yo te retounen al viv nan Kanaan. Yo te pote manje ak bèt soti an Ejip avèk yo. Kanaan te fè pati tè Senyè a te pwomèt yo a.

Jenèz 13:1–4, 12; Abraram 2:19

Imaj
Mèlkisedèk ap pale avèk Abraram ak Sara

Senyè a te kenbe pwomès Li ke Abraram t ap resevwa prètriz la tou. Yon jou Abraram ak Sara te rankontre yon wa jis ki te rele Mèlkisedèk. Abraram te peye l ladim.

Jenèz 14:18–24; Alma 13:15

Imaj
Mèlkisedèk ap beni Abraram

Abraram te resevwa prètriz la nan men Mèlkisedèk. Sete menm prètriz pwofèt Adan ak Nowe te resevwa a.

Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 14:36–40; Abraram 1:2–4; Doktrin ak Alyans 84:14

Imaj
Abraram ak Sara

Abraram ak Sara te kontan nan Kanaan, men yo te gen pwoblèm paske yo pa t gen yon pitit. Yo te oblije kwè nan pwomès Senyè a ke yon jou fanmi yo t ap grandi epi beni tout tè a.

Jenèz 13:12; 15:3–6