“Abraram ak Izaak,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Abraram and Izaak,” Istwa Ansyen Testaman yo
Jenèz 17; 21–22
Abraram ak Izaak
Yon papa, yon pitit gason, ak yon sakrifis
Abraram ak Sara te fè yon pitit gason, jan Senyè a te pwomèt la. Yo te rele l Izaak.
Jenèz 17:9; 21:1–3
Yo te renmen Izaak anpil. Yo te anseye l pou l te chwazi bon bagay ak kwè nan Senyè a.
Jenè 21:8
Senyè a te pwomèt Abraram ak Sara ke atravè Izaak, fanmi yo a t ap grandi pou vin beni tout tè a. Men yon jou, Senyè a te di Abraram pou l te mennen Izaak sou Mòn Moriya a epi ofri Izaak kòm sakrifis.
Jenèz 17:1–8; 22:1–2
Sou wout pou yo t ale sou mòn nan, Izaak te mande kote mouton pou sakrifis la te ye. Abraram te di l Senyè a t ap bay li.
Jenèz 22:4–8
Sou Mòn Moriya a, Abraram te bati yon lotèl epi li te mete bwa sou li.
Jenèz 22:8–9
Jan Senyè a te kòmande a, Abraram te mande Izaak pou l te kouche sou lotèl la. Izaak te fè Abraram konfyans menmjan Sovè a, Jezikri, te fè Papa L konfyans la.
Jenèz 22:9
Lè Abraram ta pral sakrifye Izaak la, yon zanj Senyè a te stope li. Abraram te montre lafwa li nan Senyè a. Abraram te konnen li t ap toujou suiv Senyè a.
Jenèz 22:10–12
Abraram te gade epi li te wè yon ti belye mouton nan touf bwa yo. Senyè a te bay mouton pou sakrifis la.
Jenèz 22:13
Abraram ak Izaak te aprann konsènan fason Papa nou ki nan Syèl la t ap ofri Pitit Gason L lan kòm sakrifis. Senyè a, Jezikri, te gen konfyans nan Abraram paske li te obeyi. Abraram te kwè nan pwomès Senyè a ke yon jou fanmi li t ap grandi vin plis pase kantite zetwal ki nan syèl la.
Jenèz 22:17–18; Jakòb 4:5