“Wa David,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Wa David,” Istwa Ansyen Testaman yo
1 Samyèl 18–19; 31; 2 Samyèl 1; 5; 11–12
Wa David
Lit yon wa
Wa Sayil, wa Izrayèl la, te enpresyone pa viktwa David sou Golyat la. Sayil te fè David vin dirijan lame l yo.
1 Samyèl 18:5
David te renmen Senyè a e li te toujou vle fè sa ki byen. Pèp Izrayèl la te renmen David.
1 Samyèl 18:6–7
Sayil te vin jalou epi li te eseye tiye David. Men David te suiv Senyè a, e Senyè a te pwoteje li kont Sayil.
1 Samyèl 18:6–16; 19:1
Izrayelit yo te batay nan anpil lagè. Yon jou Sayil ak pitit gason l yo te mouri nan batay. David te renmen yo epi li te trè tris lè l te aprann lanmò yo. Kounyeya Izrayelit yo te bezwen yon nouvo wa. Senyè a te chwazi David pou l te vin wa. Pèp la te kontan.
1 Samyèl 31:2–6; 2 Samyèl 1:11–12; 5:1–5
Senyè a te beni Wa David epi li te gide li. Avèk èd Senyè a, lame David la te konkeri lenmi l yo.
2 Samyèl 5:6–10, 17–25
Yon jou kote David te sipoze al nan batay, li te rete lakay li. Li te wè yon bèl fi. Fi a te rele Batcheba, epi David te anvi marye avèk li. Men fi a te deja marye avèk Ouri, yon sòlda nan lame David la.
2 Samyèl 11:1–3
David te vle marye avèk Batcheba, konsa, li te voye mari li, Ouri nan yon batay danjere pou yo te ka tiye Ouri.
2 Samyèl 11:4–17
Kou David te aprann ke Ouri te mouri nan batay. David te voye sèvitè l yo al chèche Batcheba pou te mennen l lakay li, epi li te marye avèk li.
2 Samyèl 11:24, 26–27
Men Senyè a pat kontan ak sa David te fè a. Senyè a te voye Natan, yon pwofèt, pou l te di David jan peche l la te grav. David te vin tris anpil pou sa l te fè Ouri ak Batcheba a. Li te priye ak jene pou Senyè a te padone li.
2 Samyèl 11:27; 12:1–13